Accessibility links

Breaking News

Somè Amerikano-Kolonbyen: Prezidan Obama Resevwa Juan Manuel Santos nan La Mezon Blanch.


Prezidan Juan Manuel Santos (agoch) ak Prezidan Barack Obama nan biwo oval la, nan La Mezon Blanch, jedi 4 fevriye 2016 la. (Foto: AP/Carolyn Kaster).
Prezidan Juan Manuel Santos (agoch) ak Prezidan Barack Obama nan biwo oval la, nan La Mezon Blanch, jedi 4 fevriye 2016 la. (Foto: AP/Carolyn Kaster).

Prezidan ameriken an, Barack Obama, pwomèt Kolonbi plis asistans finansye ak lòt tip apui nan moman gouvènman peyi sa a ap pare pou l konplete yon akò lapè ak geriyo zèl goch yo kap lite kont Leta kolonbyen an depi plis pase 50 tan.

Apre yon rankont Misye Obama te genyen, nan jounen jedi 4 fevriye 2016 la nan Lamezon Blanch ak prezidan kolonbyen an, Juan Manuel Santos, li anonse plis fon-lajan ak lòt dispozisyon Lèzetazini ap pran pou l ede Kolonbi rekanpe sou 2 pye l apre li fin jwenn yon akò lapè ak gwoup rebèl maksis ki rele Fòs Zame Revolisyonè Kolonbi a (FARC). Prezidan Obama ki tap pale ak Prezidan Santos, deklare :

“Nan moman Kolonbi ap viv yon tranzisyon kap debouche sou lapè, Lèzetazini pral travay avè w men-nan-men. Mwen pwopoze pou Lèzetazini mete plis pase 450 milyon dola a la dispozisyon Kolonbi pou ede peyi a ranfòse sekirite li, entegre ansyen konbatan rebèl yo nan sosyete a, ogmante opòtinite yo e retabli lòd ak lalwa nan anpil zòn ki pat gen bagay konsa pandan plizyè dizèn lane.”

Gouvènman kolonbyen an ak negosyatè FARC yo te pase plizyè mwa ap rankontre nan La Avàn, Kiba, nan kad rechèch yon akò lapè. Se Kiba ak La Nòvèj ki te òganize chita-tande sa yo. Prezidan Santos fikse fen mwa mas la kòm delè pou 2 pati yo jwenn yon antant final.

XS
SM
MD
LG