Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Prezidan Michel Martelly Repete Pwomès pou L Kite Pouvwa a le 7 Fevriye 2016


Prezidan Michel Martelly
Prezidan Michel Martelly

Prezidan Michel Martelly, ki t ap patisipe nan inogirasyon nouvo lokal Ministè Enteryè a nan jounen jedi 4 fevriye 2016 la nan Pòtoprens, repete pwomès li te fè pou l kite pouvwa a nan dat 7 fevriye 2016 la. Lidè ayisyen an fè deklarasyon sa a nan moman gwo divizyon te parèt klè nan mitan manifestan opozisyon politik la ki te pran lari nan Pòtoprens nan jounen jedi 4 fevriye a. Korespondan nou Orpha Dessources di nou patizan Fanmi Lavalas yo vle yon gouvènman tranzisyon ki ta gen nan tèt li ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide, alòske Platfòm Pitit Desalin, li menm, egzije aplikasyon konstitisyon an ki prevwa chèf gouvènman sa a ta dwe sòti nan pi gwo tribinal peyi a, Kou Kasasyon an.

Nouvèl Ayiti pou vandredi 5 fevriye 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:10 0:00
Direct link

Yon lòt kote, palman an ouvè premye sesyon òdinè asanble nasyonal la ki inogire 50èm lejislati a jedi 4 fevriye a. Nan diskou sikonstans Prezidan asanble nasyonal la -an palan de Presidan Sena a, Jocelerme Privert- li envite kòlèg li yo pou yo montre yo a la otè gwo defi ki devan peyi a, e li ensiste sou vid enstitisyonèl ki menase nasyon an nan moman rete 3 jou sèlman pou Prezidan Michel Martelly kite pouvwa a. 92 depite ak 22 senatè te patisipe nan seyans sa a ki te dwe dewoule depi lendi 12 janvye 2016 la, dapre konstitisyon peyi a.

XS
SM
MD
LG