Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon: Chòk ant Kandida Demokrat H. Clinton ak B. Sanders sou Ideyoloji Politik yo.


Kandida a la prezidans Pati Demokrat la, Senatè Bernie Sanders (agoch) ak ansyen Sekretè Deta Hillary pandan yo tap patisipe nan yon rankont kominotè nan vil Derry, Eta New Hampshire, nan sware mèkredi 3 fevriye 2016 la.
Kandida a la prezidans Pati Demokrat la, Senatè Bernie Sanders (agoch) ak ansyen Sekretè Deta Hillary pandan yo tap patisipe nan yon rankont kominotè nan vil Derry, Eta New Hampshire, nan sware mèkredi 3 fevriye 2016 la.

Ozetazini, pandan kandida a la prezidans pou Pati Demokrat la, Hillary Clinton ak Bernie Sanders, tap patisipe nan yon rankont kominotè televize nan Eta New Hampshite mèkredi swa, yo youn voye ti toya sou lòt konsènan tandans politik yo. Misye Sanders --ki prezante tèt li kòm yon demokrat sosyalis- se moun Vermont, yon Eta vwazen New Hampshire kote pwochen eleksyon primè a pral dewoule madi pwochen.

Misye Sanders lage dout sou etikèt liberal ou pwogresis Madam Clinton bay tèt li a. Li di advèsè l la pa kapab pretann li se yon liberal pwogresis avèk pozisyon konsèvatè li toujou pran konsènan Wall Street, refòm nan finansman kanpay yo mete sou le fèt ke, kòm senatè Eta New York, li te vote pou otorize envazyon Irak an 2003.

Bò kote pa l, kandida Hillary Clinton di advèsè l la pran pòz se li-menm sèlman "ki ka defini kilès ki yon pwogresis", e, daprè misye, ni Prezidan Barack Obama, ni Vis Prezidan Joe Biden pa satisfè kritè pou yo konsidere yo kòm pwogresis. Madam Clinton kontinye pou l defann dosye pèsonèl li kòm yon fanm politik, avèk yon aksan espesyal sou lit li mennen pou triyonf sèten koz, tankou refòm nan sistèm swen sante a.

Nan rankont kominotè mèkredi swa a (ke chèn televizyon CNN te retransmèt), 2 kandida yo te pran lapawòl yon fason separe. Sepandan, yo pral twouve yo fas-a-fas jedi swa pou yon deba ke direksyon Pati Demokrat la ap mete sou pye.

XS
SM
MD
LG