Accessibility links

Breaking News

"M pa gen Enfòmasyon Ofisyèl sou Demisyon Premye Minis Evans Paul." Deklarasyon Prezidan Sena a, Jocelerme Privert.


Kominote Eta Karayib ak Amerik Latin.
Kominote Eta Karayib ak Amerik Latin.

Prezidan sena ayisyen an, Jocelerme Privert, rankontre yon delegasyon Kominote Amerik Latin ak Karayib la (CELAC) madi 2 fevriye 2016 la pou yo te diskite sou kriz Ayiti ap travèse depi kèk tan an. Misye Prevert ak lòt palmantè yo apresye le fèt ke manm delegasyon an ensiste pou di yo pa fè vwayaj la pou yo chache antre nan zafè entèn peyi a, men pito pou yo kolekte enfòmasyon ki ka ede yo konprann dimansyon kriz politik Ayiti ap travèse a. Delegasyon CELAC la fè vizit sa a nan moman opozisyon an kontinye mobilize pou mande Prezidan Michel Martelly kite pouvwa a nan dat 7 fevriye kap vini la a. Nan yon deklarasyon Misye Privert fè pou laprès aprè rankont la, li di li pa genyen okenn enfòmasyon ofisyèl sou swadizan deimisyon Premye Minis Evans Paul.

Nouvèl Ayiti pou mèkredi 3 fevriye 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:11 0:00
Direct link

Pandansetan, kandida pou pòs prezidan sou banyè Platfòm Pitit Desalin, Moise Jean Charles, di li dispoze rankontre ak manm yon komisyon OEA voye nan peyi a sou envitasyon Prezidan Martelly pou ede pati konsène yo jwenn yon konsansus politik pou evite yon vid enstitisyonèl apre 7 fevriye 2016. Misye Jean-Charles, ki di li gen zanmi pami manm OEA yo, lonje dwèt sou sa l konsidere kòm "konpòtman paspouki" òganizasyon rejyonal la te genyen nan le pase pandan li tap ede jere yon kriz politik e konpòtman sa a lakoz l'OEA pa merite konfyans li.

Yon lòt kote, Anbasadris Lafrans la ann Ayiti, Elizabeth Beton Delègue, vizite palman an nan menm jounen 2 fevriye a. Nan yon rankont ak Prezidan chanm depite a, Cholzer Chancy, diplomat la abòde sitiyasyon politik la nan peyi a ak kowoperasyon ki egziste ant Lafrans ak Ayiti.

Anfen, pòt-pawòl Platfòm Pitit Desalin, Rosny Timothé, anonse mobilizasyon pral kontinye nan peyi a sòti 4 pou rive 8 fevriye pou egzije Prezidan Martelly kite pouvwa a 7 fevriye 2016, dat manda l ap bout. Misye Timothé mande pou Misye Martelly ak tout manm fanmi l rete nan peyi a pou yo reponn kesyon lajistis sou sa pòt-pawòl rele "move jesyon fon piblik yo."

XS
SM
MD
LG