Accessibility links

Breaking News

Etazini – Politik : Senatè Ted Cruz Ranpòte Caucus Eta Iowa a; Hillary Clinton ak Bernie Sanders Egal-Ego


Kandida ki fè bèl nòt nan eleksyon primè (Caucus) Eta Iowa a. De goch a dwat: Hillary Clinton (D), Bernie Sanders (D), Ted Cruz (R), ak Donald Trump (R).
Kandida ki fè bèl nòt nan eleksyon primè (Caucus) Eta Iowa a. De goch a dwat: Hillary Clinton (D), Bernie Sanders (D), Ted Cruz (R), ak Donald Trump (R).

Senatè repibliken Eta Tegzas la, Ted Cruz, ranpòte caucus Eta Iowa (ki se premye eleksyon primè nan kanpay prezidansyèl 2016 la), tandiske, nan kan demokrat la, kous la fini pratikman ak yon rezilta egal-ego ant ansyen Sekretè Deta Hillary Clinton ak Senatè Vermont la, Bernie Sanders. Tou suit apre Senatè Cruz nou jwenn milyadè Donald Trump, ansuit Senatè Marco Rubio avèk kèk bon pwen ki kapab ede l pi devan nan kous la.

Lè rezilta yo te parèt pou Pati Repibliken an, Misye Cruz te gen difikilte pou l travèse yon foul patizan ki te reyini nan otèl li nan Iowa epi kriye viktwa. Senatè Cruz :

“ Aswè a se yon viktwa pou militan ki nan baz pati a. Aswè a se yon viktwa pou konsèvatè kouraje yo atravè tout Eta Iowa e atravè tout grand nasyon sa a. Aswè a Eta Iowa fè tande vwa l. ”

Kandida Donald Trump --ki te pase plizyè mwa ap mennen nan sondaj yo-- vini an 2èm pozisyon dèyè Ted Cruz; li deklare li pare pou 2èm eleksyon primè a ki pral dewoule nan Eta New Hampshire.

“Nou pral kontinye jiskaske nou ranpòte nominasyon an... Nou pral kale fasilman Hillary ak Bernie, oubyen nenpòt ki moun yo va frenk! mete devan nou.”

Kous la te trè sere bò kote kandida demokrat yo: rezilta yo montre ansyen Sekretè Deta Hillary Clinton ak Senatè Bernie Sanders preske fini kous la pat-pou-pat. Gen kote se yon tiraj-o-sò “Tonton Nò ak palmis” ki bay gayan an. An tou ka, Madam Clinton konsidere rezilta sa yo kòm yon viktwa.

“ Wow.... Ala yon bèl nuit! Se yon nuit enkwayab. Ala yon bèl kanpay! Sete yon onè enkwayab pou mwen te mennen kanpay atravè Eta Iowa avèk anpil nan nou; pou nou te pale de kalte avni nou vle pou Pati Demokrat la e pou Lèzetazini d Amerik. “

Senatè Sanders, li menm tou, kriye viktwa. Li di se ak anpil enpasyans lap tann pou l ale nan New Hampshire, eta kote 2èm eleksyon primè a pral dewoule nan dat 9 fevriye a e kote li genyen yon bon avans nan sondaj yo sou Madam Clinton. Misye Sanders deklare:

“ Lè nou konsidere gwo kokenn kriz peyi nou an ap konfwonte a, li twò ta pou n kite li nan statu quo politik la, nan statu quo ekonomik la. “

Gen 2 kandida ki kite sa lendi swa paske yo pa reyalize 15 pou san vwa lalwa mande pou yo rete nan kous la: se Repibliken Mike Huckabee --ki te poze kandidati li a la prezidans deja nan le pase-- ak Demokrat Martin O'Malley, ansyen Gouvènè Eta Maryland.

XS
SM
MD
LG