Accessibility links

Breaking News

Etazini-Prezidansyèl : Eleksyon Primè yo ap kòmanse lendi premye fevriye a ak caucus Eta Iowa a.


 Volontè kap analize kat ak lèt elektè voye bay kanpay kandida Pati Demokrat la, Hillary Clinton, pou pwomèt li yo pral vote pou li. Meeting sa a te dewoule nan vil Oskaloosa, Eta Iowa, nan dat 25 janvye 2016 la. (ACHIV).
Volontè kap analize kat ak lèt elektè voye bay kanpay kandida Pati Demokrat la, Hillary Clinton, pou pwomèt li yo pral vote pou li. Meeting sa a te dewoule nan vil Oskaloosa, Eta Iowa, nan dat 25 janvye 2016 la. (ACHIV).

Ozetazini, kanpay prezidansyèl la pou premye eleksyon primè a pran fen finalman e eleksyon primè sa a ap dewoule lendi premye fevriye a nan Eta Iowa, kote yo rele li caucus.

Elektè yo pap sòti nan lajounen, men pito nan sware a kote yo prale nan lekòl, sant espòtif, legliz, oubyen nan sant kominotè tranfòme an biwo de vòt pou yo depoze bilten yo pou kandida yo prefere a. Yon seri de eleksyon menm jan pral dewoule anvan lontan nan kèk lòt eta, sa ki ouvè pòt la pou plis egzèsis elektoral atravè peyi a ki va debouche finalman sou konvansyon kote yo va nonmen kandida ki pral reprezante chak nan 2 pati yo.

Eleksyon Iowa a genyen yon gwo kokenn enpòtans pou kandida demokrat e ansyen Sekretè Deta Hillary Clinton ki twouve l anba ankèt poutèt li ta swadizan mal itilize enfòmasyon sekrè Leta federal la, mete sou le fèt ke kandida ki an fas li pou nominasyon demokrat la, Bernie Sanders, ap fè l yon konkirans ki dyanm. Aprè Iowa, pwochen eleksyon primè a pral dewoule nan Eta New Hampshire nan dat 9 fevriye; epi eleksyon prezidansyèl la fikse pou le 8 novanm 2016.

XS
SM
MD
LG