Accessibility links

Breaking News

Etazini-Prezidansyèl : Dènye Daba Pati Repibliken an Anvan Primè Eta Iowa a.


Foto kandida yo pandan yo tap pare pou deba prezidansyèl yo nan vil Des Moines, Eta Iowa, nan sware jounen jedi 28 janvye 2016 la.
Foto kandida yo pandan yo tap pare pou deba prezidansyèl yo nan vil Des Moines, Eta Iowa, nan sware jounen jedi 28 janvye 2016 la.

Ozetazini, deba ant kandida a la prezidans pou Pati Repibliken an dewoule jedi swa nan vil Des Moines, nan Eta Iowa, nan moman rete mwens ke yon semèn pou Eta sa a òganize eleksyon primè li (Caucus), premye primè nan kanpay elektoral la. Kandida ki vini an tèt nan sondaj yo, Donald Trump, pat aksepte patisipe paske li pat dakò pou chèn televizyon Fox News -ki tap òganize deba yo-- kite youn nan jounalis li yo modere rankont la.

Moderatè yo te atire atansyon kandida patisipan yo sou absans Misye Trump la. Kandida Ted Cruz te gen reyaksyon sa a:

<< Mwen se yon manyak e tout moun ki prezan sou podyòm nan se moun ki gra, ki gwo e ki sòt. Ou menm. Doktè Ben Carson, ou se yon move chirijyen… Kite m reponn kesyon an kounyela a, puiske mwen fin di sa m te gen pou m di sou Donald Trump la...>>

Aprè deba yo, laprès te mande kandida yo eske yo satisfè ak fòma chèn televizyon Fox News te itilize pou sware a. Men opinyon Doktè Carson.

“ Ebyen, ou konnen: fòma sa a se pa li k pi bon pou w konvenk pèsonn moun fè yon bagay oubyen yon lòt. Sa laprès renmen, se ti deklarasyon kout ki frape lespri moun, olye li ba ou tan pou w esplike yon bagay an detay, an pwofondè. Men malerezman sa reflete jan sa fèt nan sosyete kote nap viv la; se yon sosyete ki renmen ti deklarasyon kout...”

Pandanstan Donald Trump, ki tap patisipe nan yon maraton pou ranmase lajan pou veteran lagè yo nan menm moman kote deba yo tap dewoule a, fè konnen se paske li respekte tèt li ki fè li pat patisipe nan deba yo.

<< Yon moun fèt pou defann dwa li kout ke kout. Lè yo pa trete w kòmsadwa, ou fèt pou leve kanpe pou w defann dwa w. Se yon obligasyon pou ou… >>

Daprè sa Donald Trump di, nan maraton li òganize yè swa a, kanpay li a ranmase plis pase 5 milyon dola pou veteran lagè yo. 2 lòt kandida a la prezidans pou Pati Repibliken an --ki pat envite nan gwo deba yo-- te patisipe nan maraton sa a.

XS
SM
MD
LG