Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Yon Misyon Asistans l’OEA Prale Pòtoprens anvan Lontan.


Konsèy Pèmanan l'OEA a.
Konsèy Pèmanan l'OEA a.

Diplomat peyi-manm Konsèy Pèmanan Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), te òganize yon sesyon sou kriz elektoral la nan peyi d Ayiti nan jounen mèkredi 27 janvye 2016 la. Se pou òganizasyon rejyonal la te konnen kijan li tap reponn yon demand Prezidan ayisyen an, Michel Martelly, te fè l’OEA poul voye ann Ayiti yon misyon pou asiste aktè politik yo nan moman yap chache rezoud kriz ki pete aprè ranvwa eleksyon prezidansyèl ak lejislatif yo.

NOUVEL AYITI POU JEDI 28 JANVYE 2016 LA - VWA: MARIE-LUCE PIERRE ak L. DESMARATTES
please wait

No media source currently available

0:00 0:09:40 0:00

Nan yon entèvyou reprezantan pèmanan Ayiti nan l’OEA a, Anbasadè Bocchit Edmond, bay Lavwadlamerik, li di misyon an "pa pral antre nan zafè prive peyi d Ayiti; men pito li pral ede aktè politik yo jwenn yon solisyon ayisyèn pou yon pwoblèm ayisyen."

---------------------------------

Prezidan Chanm Komès ak Endistri Ayiti a, Carline Joseph, te rankontre nan semèn nan avèk prezidan chanm bas la, Depité Cholzer Chancy, pou yon chita-pale ki te santre sou enpas elektoral ki genyen nan peyi a.

Aprè rankont sa a, Madam Joseph di nenpòt kriz politik genyen move konsekans sou tout aspè lavi a nan peyi pandan li ensiste sou enpak kriz aktyèl la sou domèn ekonomik la. Li swete tout pati konsène yo va fè efò pou yo jwenn solisyon ki kapab tabli stabilite nan peyi a.

-----------------------------------

Lidè politik Rosemond Pradel, ki se sekretè jeneral Fuzyon Sosyo-Demokrat yo, deklare pati l la an favè yon gouvènman tranzisyon kòm solisyon pou kriz elektoral la –e non pa “yon gouvènman pwovizwa ki pa tap vin ranje anyen.” Daprè Misye Pradel, wòl gouvènman tranzisyon sa a se jete baz ki nesesè pou kreyasyon yon “Nouvèl Ayiti kote moun ka genyen eleksyon lib, onèt e transparan.”

--------------------------------------

Anfen, Tab Mobilizasyon an (ki se yon branch nan G-8 la) mete ansanm ak Pati Fanmi Lavalas pou yo lanse yon seri pwotestasyon manch-long kap bout jous nan dat 8 fevriye 2016 la. Youn nan òganizatè mouvman pwotestasyon non-stop sa a, Biron Odigé, di objektif la se mande Prezidan Michel Martelly kite pouvwa a epi egzije fòmasyon yon komisyon pou evalye rezilta eleksyon prezidansyèl ak palmantè ki te dewoule nan dat 25 oktòb 2015 la.

XS
SM
MD
LG