Accessibility links

Breaking News

Etazini–Prezidansyèl : Dènye Deba Kandida Demokrat yo anvan <<caucus>> Eta Iowa a.

Kandida Hillary Clinton ki t ap mennen kanpay nan Eta Iowa. Nan meeting de mas sa a, ki dewoule nan vil Des Moines, li aksepte andòsman yon gwoup defans dwamoun ki rele HUMAN RIGHTS CAMPAIGN. (Foto: Conrad Schmidt/AP)

Ozetazini, nan sware lendi 25 anvye 2016 la, 3 lidè demokrat ki ta renmen vin prezidan peyi a (ansyen Sekretè Deta Hillary Clinton, ansyen Gouvènè Eta Maryland Martin O'Malley, ak Senatè Eta Vermont la, Bernie Sanders) lanse dènye apèl yo bay elektè yo nan Eta Iowa kote eleksyon primè (caucus) pral dewoule semèn pwochèn nan. Se va kòmansman yon pwosesis kap dire plizyè mwa e ki pral debouche sou nominasyon kandida kap reprezante Pati Demokrat la nan eleksyon prezidansyèl novanm 2016 la.

Pandan Madam Clinton te pran lapawòl nan yon rankont kominotè chèn televizyon CNN te òganize, li di li se yon konbatan ki fè prèv li e li ensiste sou eksperyans li kòm yon ansyen manm kabinè Prezidan Barack Obama a. Daprè candida Clinton, gouvènman an ta dwe sèvi ak fòs militè kòm yon dènye mwayen, kòm yon dènye rekou; olye de sa, li pwopoze itilizasyon diplomasi, menm si -nap site: “pafwa diplomasi se yon altènativ ki mache dousman e ki ka ba ou enpresyon kòmkwa ou pap regle anyen vrèman.”

Sòti a goch ale a dwat: Senatè Bernie Sanders, ansyen Gouvènè Eta Maryland Martin O'Malley ak ansyen Sekretè Deta Hillary Clinton, ki tap fè deba nan Inivèsite Des Moines nan, nan sware lendi 25 janvye 2016 la.

Bernie Sanders reponn pou l di:

“Eksperyans byen kapab enpòtan pou yon prezidan, se vre; men yon prezidan bezwen gen bon jijman tou. Mwen genyen eksperyans, mwen gen bon jijman ak bon sans ki nesesè pou m jere pwoblèm difisil yo.”

Kantapou Misye O'Malley, eleksyon primè ki pral dewoule semèn pwochèn nan nan Eta Iowa enpòtan pou li anpil-anpil. Si li pa ranpòte o-mwen 15 pousan vwa yo, lap tou elimine nan kous prezidansyèl la, e elektè yo pral kapab repòte vwa yo swa sou Hillary Clinton, swa sou Bernie Sanders. E, san di pètèt, kandida ki va jwenn plis vwa nan men elektè sa yo, se li-menm kap ranpòte nominasyon Pati Demokrat la.

XS
SM
MD
LG