Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Plizyè Sektè Apiye Lide yon Gouvènman Tranzisyon pou Evite yon Vid Enstitisyonèl


Manifestasyon kont gouvènman an
Manifestasyon kont gouvènman an

Manifestasyon, kap fèt ak apui opozisyon an, kontinye dewoule nan Pòtoprens pou mande Prezidan Michel Martelly ak kabinè ministeryèl la kite pouvwa a, malgre Konsèy Elektoral Pwovizwa a ranvwaye eleksyon ki te fikse pou dimanch 24 janvye a pou rezon sekirite. Sitiyasyon an diferan nan plizyè metwopòl ak ti vil pwovens kote patizan kandida pati ki sou pouvwa a,PHTK a, Jovenel Moise, ap manifeste pou yo mande otorite yo fikse yon dat pou eleksyon yo dewoule. Manifestan sa yo rejte lide pou yon gouvènman tranzisyon ta monte sou pouvwa a apre 7 fevriye, dat manda Prezidan Martelly ap fini.

Nouvèl Ayiti pou madi 26 janvye 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:41 0:00
Direct link

Yon lòt kote, Chanm Depite a resevwa 4 pwopozisyon diferan sou mwayen ki ta kapab pèmèt palman an ak lòt sektè konsène yo jwenn yon solisyon pou kriz politik e elektoral peyi a ap travèse a. Depite Plato Santral la, Abel Descollines, ki pale ak korespondan Lavwadlamerik, Renan Toussaint, di manm palman an genyen pou rasanble anvan lontan pou yo analize pwopozisyon sa yo. Epi kowòdonatè jeneral Inyon Nasyonal Anseyan Ayisyen an (UNNOH), Josué Mérilien, li menm tou, fè kèk pwopozisyon otou lide pou peyi a ta gen yon gouvenman tranzisyon apre 7 fevriye.

Kidonk Ayiti ap vanse ak tout vitès sou wout yon kriz politik ki ka debouche sou yon vid enstitisyonèl si aktè konsène yo pa chita ansanm pou yo konnen ki lès ki pral dirije peyi a apre 7 fevriye. Kesyon sa a lage gwo divizyon nan mitan klas politik la. Alòske gen gwoup pwopoze yon gouvènman tranzisyon ki ta genyen, antwòt, pou misyon pou l òganize eleksyon nan yon delè ki pap depase 2an, kèk lòt gwoup ---tankou G-8 la ki reyini plizyè ansyen kandida alaprezidans-- mande aplikasyon konstitisyon an ki prevwa pou otorite yo chwazi swa Prezidan, swa Vis Prezidan Kou Kasasyon an pou pran tèt yon gouvènman pwovizwa.

Klike sou lyen anlè a pou w tande detay nouvèl sa yo avèk Jean Robert Philippe e Lyonel Desmarattes

XS
SM
MD
LG