Accessibility links

Breaking News

Jonas Paralize Kòt-Ès Lèzetazini ak Nèj, Gwo Van, Radmare Epi Inondasyon Nan New Jersey


Jasmine Wang k ap mache nan nèj devan Mozole Lincoln nan nan Washington, DC 23 Jan 2016
Jasmine Wang k ap mache nan nèj devan Mozole Lincoln nan nan Washington, DC 23 Jan 2016

Majistra kominal vil Nouyòk Bill de Blasio entèdi di tout vwayaj ak deplasman ki pa yon "ka dijans" nan vil li a nan moman gwo tanpèt ivè Jonas kontinye ap lage plis nèj sou kòt nò-ès Lèzetazini pou kreye kreye "blizzard" boulvari van ki ka detwi lavi moun ki pa pran prekosyon, dapre espesyalis meteyo ameriken yo.

Pandan li ta p pale anvan li anonse antre anvigè desizyon an, majistra de Blasio egzòte tout etablisman komèsyal fèmen pòt yo.
"Lè a rive pou etablisman komès yo fèmen pou pèmèt anplwaye yo ale lakay yo". Misye de Blasio di "moun yo jwenn nan lari apre antre anvigè desizyon an ka fè fas ak arestasyon.
Jonas afekte samdi 23 janvye a anpil rejyon nan Sant-Atlantik ak rejyon nò-ès Lèzetazini, kote li lage yon manto nèj 60 santimèt epesè sou rejyon metwopolitèn kapital federal amerikèn nan, Washington, DC.

Dè milye e dè milye moun pa ka fè yon pa kita, yon pa nago

85 million moun kap viv sou wout tanpèt la ak plizyè santèn milye lòt pa gen kouran elektrik lakay yo pandan dè milye e dè milye rezidan bloke akòz wout ak ray tren ki kouvri ak nèj ou paske avyon pa ka vole puiske ayewopò yo fèmen sou tout kòt ès ameriken an. Avèk nèj la ki pral kontinye tonbe jouk douvan jou dimanch 24 janvye a, sèvis meteowolojik yo fè konnen tanpèt sa a kapab antre nan listwa kòm pi gwo "blizzard" ki janm frape rejyon an.

Otorite lokal yo mande tout moun rete lakay yo nan moman van yo ap soufle pifò ak yon vitès ki depase 40 kilomèt alè, sa ki ka anpeche moun wè byen e rann deplasman moun pi danjere.

Majistra kominal vil Baltimore la, Eta Maryland, Stephanie Rawlings-Blake, egzòte popilasyon an rete lakay li paske wout yo danjere anpil-anpil. Li di chèn televizyon CNN, pwoblèm nan "se kantite nèj kap tonbe ak gwo van kap soufle sou rejyon an".

http://www.voanews.com/media/video/timelapse-video-massive-winter-storm/3159093.html

Inondasyon sou kòt Eta New Jersey.

Gwo van pwovoke gwo vag lanmè ki anvayi lari anba lavil New Jersey, kote nèj mele ak dlo lapli fè lari yo tounen pisin, malgre pi gwo kè sote a rete nèj kap tonbe ak yon rapidite san parèy : 7 santimèt chak inèdtan sou kèk zòn, mete sou vizibilite a ki redui anpil, dapre sa gouvènè Chris Christie di laprès. Kèk rejyon nan sud Eta a ap fè fas ak anpil inondasyon. Selon misye Christie, yo anrejistre 90.000 apèl moun ki fè konnen yo pa gen kouran lakay yo, sepandan genyen abri pou ki sitiasyon sa a. Li envite tout moun rete andedan lakay yo.

Washington sibi, men pa jan previsyonis yo te anonse l la

Pi move moman an sanble pase pou Washington, DC., byenke abitan yo dwe atann yo aske nèj la kontinye tonbe jouk vè 20 heures samdi 23 janvye a. Kantite rekò nèj ki tonbe sou rejyon an se nan Poolesville, Eta Maryland (ki o nò kapital federal la), yo anrejistre l avèk 58 santimèt nèj.

Eta dijans

Sòt nan Georgia pou rive nan rejyon Nouvelle-Angleterre la, omwen 13 moun pèdi lavi yo nan aksidan machinn-kolizyon ki fèt nan Kawolin Dinò, Kentucky ak Tennessee. 10 Eta pou pi piti deklare Eta dijans. Nan Kentucky, otorite yo ouvri abri sou tout gwo otowout ki konnekte ak lòt Eta nan peyi a, kote genyen chofè ak lòt otomobilis ki bloke depi omwen 10 zèd'tan.

Nan Washington, DC, biwo gouvènman federal la fèmen (sa vle di anplwaye leta ki pa esansyèl rete lakay yo. Otorite yo menm rive pran yon mezi yo pat janm pran anvan sa: yo fèmen systèm transpò piblik (DC Metro Public System)ki asire transpò pasaje nan kapital la ak nan rejyon alantou yo. Tren ni otobis piblik, metwo souteren (ki pase anba tè) pa fonksyonen.

XS
SM
MD
LG