Accessibility links

Breaking News

Yon Gwo Tanpèt Nèj Pral Paralize Lavi a sou Kòt Es Lèzetazini


 Michael Torney (adwat) kap travay nan magazen materyo konstriksyon Strosniders Hardware nan vil Silver Spring, nan Eta Maryland, ap pale ak yon kliyan kap achte pwodui li bezwen pou l fè glas fonn devan pòt kay li. (Foto sa a te fèt nan jounen jedi 21Janvye 2016 la).
Michael Torney (adwat) kap travay nan magazen materyo konstriksyon Strosniders Hardware nan vil Silver Spring, nan Eta Maryland, ap pale ak yon kliyan kap achte pwodui li bezwen pou l fè glas fonn devan pòt kay li. (Foto sa a te fèt nan jounen jedi 21Janvye 2016 la).

Yon gwo kokenn tanpèt nèj, kap mache ak gwo van, ap pwoche sou kòt-ès Lèzetazini vandredi 22 janvye 2016 la. Doktè Louis Uccellini, direktè Sèvis Meteo nasyonal ameriken an, di, si move tan an pase jan espesyalis yo prevwa l la, li kapab genyen gwo konsekans sou la vi plizyè milyon moun: Direktè Ulcellini deklare:

" Nou konstate tout kondisyon yo reyini pou yon gwo sistèm tanpèt frape yon tyè teritwa nasyonal la sou pati ès peyi a, kote o-mwen 50 milyon moun pral afekte. Yo pral resevwa yon gwo kantite nèj ak tanperati ki fè frèt anpil, mete sou van kap fò anpil-anpil. Tou sa pral bay yon sitiyasyon trè danjre si sistèm nan devlope jan nou prevwa l la.”

Preparasyon pou fè fas ak sitiyasyon sa a te kòmanse timidman pi bonè nan semèn sa a lè 2 santimèt nèj te tonbe san zatann sou kèk wout ki pat trete, sa ki te koze gwo pwoblèm pou chofè ki te sou wout sa yo. Yon moun kap viv nan vil Washington, D.C., fè deklarasyon sa a:

<< Sitiyasyon an te malouk anpil lè m tap retounen lakay. Sa te pran m anpil tan. Sa te pran nou innèd-tan pou n kouvri distans yon kilomèt edmi konsa. Finalman nou te deside fè rès wout la a-pye. Men, te gen glas sou chemen an; nou te peye konsekans la lè w tap mache sou glas la. >>

Gwo tanpèt nèj sa a kap vanse sou rejyon ki sou kòt-ès Lèzetazini an, kapab pwovoke blackout anpil kote nan rejyon sa yo, epi li ka paralize tout sistèm transpò a -kit se transpò pa tren, pa avyon ou pa wout. Avètisman sa a ap rete valab pou jous fen jounen dimanch la.

Depi nan jounen vandredi a, anpil lekòl --piblik kou prive-- anonse yo pap travay pandan tout peryòd la. Gouvènman federal ameriken an di anplwaye kap travay nan kapital la, Washington, kapab kite biwo yo 4 trèdtan anvan lè nòmal yo; men yo pa dwe rete travay pi ta ke midi.

XS
SM
MD
LG