Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Polis Nasyonal la Mobilize pou Sekirize Aktivite Elektoral yo Dimanch 24 Janvye 2016 la


Manm PNH (Polis Nasyonal d Ayiti) nan yon seyans egzèsis.
Manm PNH (Polis Nasyonal d Ayiti) nan yon seyans egzèsis.

Ann Ayiti, otorite lapolis yo di yo pran tout yon seri de dispozisyon pou yo garanti sekirite votan yo pandan dewoulman eleksyon prezidansyèl ak lejislatif pasyèl ki fikse pou dimanch 24 janvye a. Pandanstan Jovenel Moise, kandida PHTK a (pati ki sou pouvwa a) te mennen kanpay nan vil Wanament, nan pati Nòdès peyi a, kote li ankouraje elektè yo patisipe nan eleksyon an. Msye Moise ap mennen kanpay malgre advèsè li a, Jude Célestin, fè konnen li pap patisipe nan eleksyon yo si KEP a pa aplike rekòmandasyon komisyon evalyasyon elektoral la.

Nouvèl Ayiti pou vandredi 22 janvye 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:09:17 0:00
Direct link

Senatè Evalière Beauplan mande popilasyon an drese barikad pandan jounen eleksyon an pou anpeche elektè yo al vote. Senatè a di li pral konvenk kòlèg li yo pou yo pa valide pouvwa kandida k ap sòti nan eleksyon lejislatif pasyèl yo.

Yon lòt kote, Group Kolektif Etidyan Nòdwès yo di kondisyon yo pa reyini pou eleksyon yo dewoule nan dat KEP a prevwa a. Pozisyon gwoup la ale nan menm sans ak yon nòt konferans episkopal la pibliye nan jounen jedi 21 janvye 2016 la.

Yon lòt kote, Premye Minis Evans Paul ki t ap pale ak laprès byen bonè vandredi 22 janvye a, pa ekate posibilite pou otorite konpetan yo ranvwaye eleksyon yo; sepandan, daprè li, se yon konsansis ant tout pati konsène yo ki pou debouche sou yon desizyon konsa. Bò kote pa l, Prezidan Michel Martelly di l ap renmèt pouvwa a bay yon prezidan eli nan dat 7 fevriye 2016 la, alòske opozisyon an mande yon gouvènman tranzisyon si yon nouvo prezidan pa prete sèman nan dat konstitisyon an ak lwa elektoral la prevwa a. Kominote entènasyonal la --ak Lèzetazini an tèt-- pa dakò ak lide pou yon gouvènman tranzisyon ta vin dirije peyi a.

Anfen, Prezidan Martelly rankontre ak prezidan sena a, Jocelerme Privert, ansanm ak prezidan chanm depite a, Cholzer Chancy, pou yo diskite e abòde mwayen ki ta pi bon pou 2 pouvwa yo (Egzekitif la ak Lejislatif la) kenbe bon relasyon antre yo epi travay ansanm. Daprè Senatè Privert, an plis Prezidan Martelly, li deja rankontre ak plizyè dirijan sosyete sivil la ak reprezantan sektè politik la -- eksepte Gwoup G-8 la ki pat aksepte envitasyon li.

XS
SM
MD
LG