Accessibility links

Breaking News

Etazini/Meteo: Yon Gwo Tanpèt Nèj Pral Frape Pati Lès Peyi a


Previzyon Sèvis Meteo Nasyonal Lèzetazini an prevwa yon gwo kokenn chenn tanpèt nèj pou pati lès peyi a pandan jounen vandredi 22 ak samdi 23 janvye 2016. (Foto: National Oceanic and Atmospheric Administration via AP)
Previzyon Sèvis Meteo Nasyonal Lèzetazini an prevwa yon gwo kokenn chenn tanpèt nèj pou pati lès peyi a pandan jounen vandredi 22 ak samdi 23 janvye 2016. (Foto: National Oceanic and Atmospheric Administration via AP)

Ozetazini, yon gwo tanpet nèj pral frape pandan weekend nan yon gwo kantite nan eta ki sou kòt-ès peyi a, san bliye rejyon metwopolitèn kapital la, Washington, ki kapab resevwa jiska 20 pous nèj vandredi ak samdi, daprè espesyalis yo nan Sèvis Meteo Nasyonal la.

Tanpèt sa a kapab paralize lavi a depi nan Eta Kawolin di Nò, pou rive nan vil Boston, nan Eta Massachusetts. Sèvis Meteo a lanse avètisman pou l di li kapab trè difisil -sinon enposib- pou moun vwayaje nan zòn kote sitiyasyon an pral pi grav yo. Tanpèt la ap mache ak kèk gwo van e lap kreye kondisyon ki kapab menase lavi moun nan nuit vandredi pou rive jous nan sware jounen samdi a.

Nan vil Washington, majistra Muriel Bowser ekri sou kont twitter li pou l di yon afè de 2 mil rezidan pote yo volontè pou apiye yon ekip ki la pou ede granmoun aje yo ak sitwayen andikape yo jwenn sa yo bezwen pou yo chofe kay yo, netwaye lakou ak devan pòt kay yo lè gen gwo tanpèt nèj konsa.

Nan New York, majistra Bill de Blasio ak yon ekip jesyon an ka dezas, pibliye yon anons-video ki bay piblik la enfòmasyon sou sa Newyorkè yo dwe fè ak kote yo ka rele pou yo jwenn asistans pandan move tan brital sa a. Nan jounen mèkredi 20 janvye a, yon lòt sistèm move tan te frape Eta Kentucky, Tennesse ak Jòji, kote yon afè de 3 a 5 pous nèj tonbe.

XS
SM
MD
LG