Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Opinyon yo Pataje sou Dewoulman Eleksyon 24 Janvye 2016 la


Pèp souvren pran lari pou pwoteste kont dewoulman eleksyon prezidansyèl ak lejislatif ki fikse pou 24 janvye 2016 la.
Pèp souvren pran lari pou pwoteste kont dewoulman eleksyon prezidansyèl ak lejislatif ki fikse pou 24 janvye 2016 la.

Pwosesis elektoral la tounen yon lit ant sektè ki di kondisyon yo pa reyini pou eleksyon prezidansyèl ak lejislati yo dewoule nan dat 24 janvye 2016 la, ak KEP a (Konsèy Elektoral Pwovizwa a) ki di pa gen pwoblèm pou aboutisman pwosesis la fèt nan dat ki fikse a. Bò kote pa l, Premye Minis Evans Paul rekonèt li nòmal pou divès sektè gen opinyon depaman sou dat 24 janvye a e li lanse apèl bay tout pati konsène yo pou yo antre nan yon dyalòg e chache yon reslisyon ki baze sou larezon pou kriz elektoral la.

Opozisyon an anonse manifestasyon li mete sou pye yo pral kontinye pou jous 25 janvye 2016 la pou li denonse eleksyon yo. Epi, jan sena ayisyen an te anonse l la, nan jounen mèkredi 20 janvye a li apwouve yon rezolisyon ki mande KEP a kanpe sou òganizasyon eleksyon yo epi swiv rekòmandasyon komisyon evalyasyon elektoral la.

Nouvèl Ayiti pou jedii 21 janvye 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:10:01 0:00
Direct link

Yon lòt kote, yon manm nan opozisyon an fè konnen endiyasyon li santi akoz yon videyo k ap sikile sou entènèt la e ki montre moun ki pote inifòm polisye ki sanble t ap maltrete 2 jèn. Responsab polis yo di yo pral ouvè yon ankèt pou konnen si wi ou non imaj yo di se verite.

Minis Touris ayisyen an, Stephanie Balmir-Vildrouin, fè konnen gouvènman an depeche yon delegasyon pou al rankontre rezidan vilaj touristik Labadie apre yo te manifeste nan kòmansman semèn nan pou anpeche yon bato kwazyè Caribbean Cruise Line akoste nan pò a sit touristik la.

Anfen, gouvènman an prezante komite ki pral òganize kanaval nasyonal la soti 7 pou rive 9 fevriye 2016. Minis kilti a, Dithny Joan Raton, fè konnen trezò piblik la ap debloke 90 milyon goud pou òganizasyon gwo fèt kiltirèl e popilè sa a. Tèm nan ane sa a se “Ayiti Toutan”

XS
SM
MD
LG