Accessibility links

Breaking News

Move Nouvèl pou Ekonomi Mondyal la pou Ane 2016 la


Sou kontinan azyatik la, pri aksyon yo bese a-pik ankò pandan jounen mèkredi 20 janvye 2016 la akoz yon lot bès ki fèt nan pri petwòl la atravè lemond mete sou ralantisman ekonomi chinwaz la ak pwojeksyon pesimis espesyalis yo ki pa prevwa tèlman gwo pwogrè nan ekonomi mondyal la pou ane sa a.

Endis mache labous la o Japon, an palan de Nikkey la, pèdi preske 4 pwen nan fen tranzaksyon yo, tandiske Hang Seng nan (sètadi endis mache la bous Hong Kong nan) anrejistre yon bès 3,5 pou san, epi nan Kore di Sid, Kospi a pèdi 2,3 pou san.

Yon lòt move nouvèl ki gen konsekans negatif sou mache la bous yo, se bès pri dwoum petwòl la Ozetazini kote li desann nan nivo 28 dola -swa pri ki pi ba a nan 12 zan. Sa rive apre Ajans Entènasyonal Enèji a fin pibliye yon rapò kote li lanse avètisman pou l di mache petwòl mondyal la kapab anrejistre yon apwovizyonnman ki depase limit nan moman demand yo pa sispann bese.

XS
SM
MD
LG