Accessibility links

Breaking News

Ayiti:Kandida LAPEH a, Jude Célestin, Pap Pra l Nan Eleksyon 24 Janvye a


Foto achiv - Kandida LAPEH a Jude Celestin
Foto achiv - Kandida LAPEH a Jude Celestin

Kandida ala prezidans Pati LAPEH a (Lig Altènative Pwogrè ak Emancipation Haiti), Jude Célestin, anonse li pral ekri Konsèy Elektoral Pwovizwa a pou enfòme l li pap patisipe nan eleksyon 24 janvye 2016 la. Kandida a, ki t ap pale ak jounalis Jean Pierre Leroy Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la, estime manm Konsèy la pa kredib pou òganize eleksyon. Misye Célestin fè deklarasyon sa a kèk jou apre KEP a te konfime patisipasyon 2 kandida nan 2èm tou eleksyon prezidansyèl 24 janvye a. Lwa elektoral la prevwa yon dat limit pou yon kandida fè retrè nan kanpay la--yon dat, selon msye Celestin ki pa aplike pou 2èm tou eleksyon yo. Ansyen kandida Célestin rejte bri k ap kouri kòm kwa l ap mennen kanpay.

Pandanstan, kandida PHTK a ki sou pouvwa a nan Peyi Dayiti, Jovenel Moïse, boukle virewon elektoral li t ap fè nan plizyè komin Plato Santral la kote li mande sipòtè ak patizann yo vote an favè l nan 2èm tou eleksyon prezidansyèl 24 janvye a.

Nouvèl Ayiti pou vandredi 15 janvye 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:10:39 0:00
Direct link

Yon lòt kote, senatè Jocelerme Privert, eli kòm nouvo prezidan sena a apre 2 kandida pou pòs la abandone kous la. Ansyen Minis Enteryè sou gouvènman ansyen Prezidan Jean-Bertrand Aristide la, ki reprezante depatman Nip nan gran kò a, te nan prizon pandan periòd gouvènman tranzisyon 2004 la apre yon leve kanpe te voye misye Aristide ann egzil.

Anfen, n ap envite n koute yon entèviou Depite ayisyen/ameriken Jean Leuniol Jeudy bay chèf sèvis kreyòl la Ronald Cesar. Nan entèview sa a, palmantè eta New Hampshire te abòde sitiyasyon politik la ann Ayiti k ap pare pou l òganize 2èm tou eleksyon prezidansyèl ak lejislatif nan dat 24 janvye kap vini la a.

XS
SM
MD
LG