Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Konsèy Elektoral Pwovizwa a Anonse Patisipasyon 2 Kandida nan Dezyèm Tou Eleksyon Prezidansyèl la


CEP LOGO
CEP LOGO

Konsèy elektoral pwovizwa a di ofisyèlman se 2 kandida Jude Célestin ak Jovenel Moïse k ap patisipe nan 2èm tou eleksyon yo. Bò pa li, Konseyè Elektoral Marie Carmelle Paul Austin deklare enstitisyon elektoral la deja angaje l pou l mete ann aplikasyon rekòmandasyon Komisyon verifikasyon elektoral endepandan an. Ensitisyon elektoral la fè deklarasyon sa a nan moman KEP a ap fonksyone ak 7 manm olye de 9 manm orijinal yo. Reprezantan Legliz Katolik la, Ricardo Augustin, te renmèt demisyon apre akizasyon ki ta fè konprann li ta resevwa lajan pou l ede yon kandida pase nan eleksyon yo. Sa pa gen lontan, konseyè elektoral Yolette Mengual, reprezantan òganizasyon fanm yo nan KEP, anonse li tanporèman sispann travay pou l kapab trennen devan lajistis moun ki akize l kòmkwa li ta pran lajan nan men yon seri kandida pou l ede yo ranpòte laviktwa.

Nouvèl Ayiti pou jedii 14 janvye 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:56 0:00
Direct link

Yon lòt kote, Senatè Jean Baptiste Bien-Aimé eksplike absans li pandan seyans validasyon senatè yo nan kòmansman semen nan. Senatè Bien-Aimé, reprezantan depatman nòdès nan palman an, te pale ak jounalis yo. Li fè konnen li pa gen anyen pèsonèl ak nouvo eli yo, men li pa wè kouman li ka avalize senatè ki mal eli ak depite ki gen akizasyon ka p peze sou do yo.

Anfen, Kandida platfòm politik LAPEH, Jude Celestin, di li pare pou l patisipe nan 2èm tou eleksyon prezidansyèl yo akondisyon responsab yo mete ann aplikasyon rekòmandasyon Komisyon evalyasyon elektoral endepandan an te fè. Korespondan nou Orpha Dessources di nou yon pwòch kandida a, Andre Fadot, pote yon demanti fòmèl sou enfòmasyon ki ta fè kwè Jude Celestin ap mennen kanpay.

XS
SM
MD
LG