Accessibility links

Breaking News

Ayiti:Depite yo Prete Sèman Avan Opozisyon an Manifeste Kont Antre 50èm Lejislati a


Kèk nouvo Depite 50èm Lejislati a
Kèk nouvo Depite 50èm Lejislati a

92 depite, ki soti nan diferan pati politik, prete sèman kòm manm 50èm lejislati a dimanch 10 janvye 2016 la apre yo finn valide viktwa yo. Korespondan nou Renan Toussaint di nou validasyon pouvwa eli yo fèt yon jou avan yon manifestasyon opozisyon an te pwojte devan lokal Palman an pou anpeche rantre palmantè a ki fikse pou 2zyèm lendi janvye, dapre konstitisyon ayisyèn nan.

Nouvèl Ayiti pou lendi 11 janvye 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:07 0:00
Direct link

Kandida ala prezidans Pati PHTK a, Jovenel Moise, òganize yon virewon ak jounalis yo sou plantasyon bannann AgriTrans nan Nòdès peyi a apre yon ansyen palmantè akize l kòm kwa ta gen yon pis daterisaj sou fèm nan pou avyon kapab ateri ilegalman. Korespondan nou nan Nòdès, Jaudelet Junior Saint Vil, ki te sou plas di nou kandida a te pwofite abòde kesyon 2èm tou eleksyon prezidansyèl yo.

Anfen, plizyè ofisyèl gouvènman an ak manm Asosyasyon vodouyizan ayisyen yo asiste fineray defen Ati Nasyonal la, Zamor Alcenat ki mouri mwa pase san li pa gen tan "antre an fonksyon"--antre ki te fikse pou mwa mas la. Korespondan nou nan vil Gonayiv, Exalus Mergenat, di nou pretandan Ati Nasyonal la, ki te viktim yon aksidan otomobil, antere tou pre vil Gonayiv.

XS
SM
MD
LG