Accessibility links

Breaking News

Kore Dinò Anonse li Reyisi Teste "Ak Siksè" Yon Bon "H"


Moun k ap gade yon ekran jeyan ki montre episant yon tranblemann'tè toupre enstalasyon nikleyè nan Kore Dinò. Foto, Seoul, Kore Disid, mèkredi 6 janvye 2016
Moun k ap gade yon ekran jeyan ki montre episant yon tranblemann'tè toupre enstalasyon nikleyè nan Kore Dinò. Foto, Seoul, Kore Disid, mèkredi 6 janvye 2016

Kore Dinò anonse li teste ak siksè yon Bonm ak Idwojèn, men anpil espesyalis akeyi ak dout anonse Pyongyang nan pandan pisans mondyal yo denonse aksyon otorite nò-koreyen yo. Yon kominke televizyon nò-koreyen an di “Kounye a nou se yon Eta nikleyè ki posede yon bonm ak idwojèn”. Chèn televizyon an kalifye tès la kòm yon kesyon “auto-défense” pou pwoteje souverènte peyi a e l pa vire lang li nan bouch li pou l kritike Lèzetazini.

Sant Siveyans Jeyolojik Ameriken an rapòte yon tranblemann'tè 5.1 toupre rejyon Punggye-ri, kote Kore Dinò te fè 3 premye tès nikleyè li nan ane 2006, 2009 ak 2013.
Menm jan ak mwa pase, lemond minimize e akeyi kòm “pa pwobab” tès jodi a ak dimansyon eksplozyon an. Vrèmanvre, Lidè nò-koreyen an, Kim Jong Un, te anonse peyi li posede yon bonm ak idwojèn mwa pase. Analis nikleyè Bruce Bennett, ka p travay pou Rand Corporation di Lavwadlamerik li genyen dout bonm Kore Dinò anonse li teste a se yon bonm ak idwojèn.

Konsèy Sekirite Nasyonzini an, ki te enpoze yon seri sanksyon kont Pyongyang pou tès li fè deja, konvoke yon sesyon “ijan” prese-prese pou mèkredi 6 janvye a pou detèmine reyaksyon ak atitid li dwe adopte vizavi nouvo tès sa a

Yukiya Amano, direktè jeneral Ajans Entènasyonal Enèji Atomik la, kalifye tès la, kòm yon vyolasyon klè sanksyon Nasyonzini yo e l di se yon devlopman ki “regretan anpil-anpil”.

XS
SM
MD
LG