Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Dekrete Yon Seri Mezi Pou Redui Vyolans ak Zam Afe Ozetazini


Prezidan Ameriken an, Barack Obama, k ap diskite sou mezi la p pran pou redui vyolans ak zam afe Ozetazini. 5 Jan. 2015
Prezidan Ameriken an, Barack Obama, k ap diskite sou mezi la p pran pou redui vyolans ak zam afe Ozetazini. 5 Jan. 2015

Prezidan ameriken an, Barack Obama, anonse yon seri mezi pou wè si l ta redui vyolans ak zam a feu Ozetazini; avèk aksyon sa a, misye Obama pase akote Kongrè a pou l regle yon kesyon ki divize "anpil-anpil " piblik ameriken an.
Dekrè sa yo / ke l revele jodi a nan Mezon Blanch lan / pral egzije machann ak vandè zam yo pou yo genyen "lisans" pou yo fè bizniss sa a... e pou moun ki gen entansyon achte zam afe pase yon seri " tès" pou konnen si yo genyen "bòn vi ak bon mès" epitou, si yo pa soufri ak okenn pwoblèm mental e sichik

Prezidan Obama deklare

"Chak ane plis pase 30.000 ameriken pèdi lavi yo anba kout-zam. 30 mil swisid, vyolans domestik, fiziyad ant gang, aksidan...
Plizyè santèn milye ameriken pèdi frè ak sè yo oubyen antere pwòp pitit yo nan vyolans ak zam afe. Anpil, oblije aprann viv avèk paralizi ou aprann viv san prezans moun yo te renmen an."

Deklarasyon Prezidan Barack Obama.

Mezi sa yo pral ranfòse lwa sou zam afe ki deja egziste, ogmante tretman mantal epi etann rechèch sou teknoloji pou zam afe yo ofri plis sekirite, yon fason pou yo pa pwovoke lanmò pa aksidan.

XS
SM
MD
LG