Accessibility links

Breaking News

Deklarasyon Sekretè Deta John Kerry nan Okazyon 212èm Anivèsè Endepandans Dayiti.


Sekretè Deta John Kerry
Sekretè Deta John Kerry

Nan okazyon komemorasyon 212èm anivèsè endepandans Repiblik Dayiti a, Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, pibliye yon deklarasyon pou l di santiman administrasyon Obama a vizavi pèp ayisyen an. Men sa deklarasyon an di:

« Nan non Prezidan Obama ak pèp ameriken an, mwen felisite sitwayen ayisyen yo nan okazyon jou sila a kote yap komemore 212èm anivèsè endepandans peyi yo. Lè mwen te vizite Ayiti nan mwa oktòb pase a, mwen te konstate avni peyi a te depann de inite pèp la ak kapasite peyi a pou l mete sou pye enstitisyon demokratik djanm e estab. Lè sa a mwen te di --e map redi jodi a ankò : Mwen kwè se eleksyon sèlman kap pèmèt Ayisyen rive nan pasasyon lejitim pouvwa a.

Sekretè Deta John Kerry ak Prezidan Michel Martelly
Sekretè Deta John Kerry ak Prezidan Michel Martelly

« Pandan Ayisyen yo ap pran yon ti tan pou yo reflechi sou sa yo te akonpli pandan plis pase 2 syèk kòm yon Eta endepandan, yo gen yon opòtinite pou yo rive tabli konplètman gouvènans demokratik yo bezwen anpil la e ke yo merite a. Konsa, n ap ankouraje tout lidè peyi a travay ansanm pou pèmèt dewoulman eleksyon lib, jis, transparan ki pral ankouraje anpil moun patisipe epi kap reflete volonte pèp ayisyen an, pou pèmèt yo enstale yon nouvo prezidan nan jou k ap 7 fevriye a, jan Konstitisyon nasyonal la mande sa a.

« Patenarya ki egziste ant Lèzetazini ak Ayiti chita sou anpil lane epi li montre relasyon sere-sere ki genyen ant 2 pèp yo, kolaborasyon 2 peyi nou yo nan sektè biznis la ak lòt sektè, ansanm ak angajman nou pran pou nou apiye valè nou pataje ansanm nan rejyon an e nan lemond antye. Lèzetazini swete ranfòse amitye li ak peyi Dayiti nan lane k ap vini yo. »

(Tradiksyon: Biwo Afè Piblik anbasad amerikèn nan Pòtoprens).

XS
SM
MD
LG