Accessibility links

Breaking News

Ayiti Ap Make 212èm Ane Endepandans li nan yon Kriz Politik e Ekonomik.


Symbol Haiti
Symbol Haiti

Ann Ayiti, popilasyon an pase fèt fen dane yo nan yon kriz ekonomik ak politik. Nan sitiyasyon sa a, chak sitwayen make arive nouvèl ane a fason pa li. Jounalis Gregory Jean Philippe, ki reponn kesyon Jean Robert Philippe, di moun pa tèlman wè dekorasyon nan kapital la, Pòtoprens, e pa genyen non plis aktivite ki ta montre peyi a ap make 212èm anivèsè endepandans li.

Nouvèl Ayiti pou vandredi 1 janvye 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:20 0:00
Direct link

Yon lòt kote, nan okazyon selebrasyon 212èm anivèsè endepandans Dayiti a, Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, pibliye yon deklarasyon pou l di santiman administrasyon Obama a vizavi pèp ayisyen an. Deklarasyon an di:

« Nan non Prezidan Obama ak pèp ameriken an, mwen felisite sitwayen ayisyen yo nan okazyon jou sila a kote yap komemore 212èm anivèsè endepandans peyi yo. Lè mwen te vizite Ayiti nan mwa oktòb pase a, mwen te konstate avni peyi a te depann de inite pèp la ak kapasite peyi a pou l mete sou pye enstitisyon demokratik djanm e estab. Lè sa a mwen te di --e map redi jodi a ankò : Mwen kwè se eleksyon sèlman kap pèmèt Ayisyen rive nan pasasyon lejitim pouvwa a.

« Pandan Ayisyen yo ap pran yon ti tan pou yo reflechi sou sa yo te akonpli pandan plis pase 2 syèk kòm yon Eta endepandan, yo gen yon opòtinite pou yo rive tabli konplètman gouvènans demokratik yo bezwen anpil la e ke yo merite a. Konsa, n ap ankouraje tout lidè peyi a travay ansanm pou pèmèt dewoulman eleksyon lib, jis, transparan ki pral ankouraje anpil moun patisipe epi kap reflete volonte pèp ayisyen an, pou pèmèt yo enstale yon nouvo prezidan nan jou k ap 7 fevriye a, jan Konstitisyon nasyonal la mande sa.

« Patenarya ki egziste ant Lèzetazini ak Ayiti chita sou anpil lane epi li montre relasyon sere-sere ki genyen ant 2 pèp yo, kolaborasyon 2 peyi nou yo nan sektè biznis la ak lòt sektè, ansanm ak angajman nou pran pou nou apiye valè nou pataje ansanm nan rejyon an e nan lemond antye. Lèzetazini swete ranfòse amitye li ak peyi Dayiti nan lane k ap vini yo. »

XS
SM
MD
LG