Accessibility links

Breaking News

Akò istorik ant Japon ak Kore di Sid sou Dosye “Esklav Seksyèl la”


 Minis afè etranjè sid koreyen an, Yun Byung-Se, ki rankontre tokay japonè li a, Fumio Kishida, nan lokal Depatman Afè Etranjè a nan Sewoul nan kòmansman jounen lendi 28 desanm 2015 la.
Minis afè etranjè sid koreyen an, Yun Byung-Se, ki rankontre tokay japonè li a, Fumio Kishida, nan lokal Depatman Afè Etranjè a nan Sewoul nan kòmansman jounen lendi 28 desanm 2015 la.

Kore di Sid ak Japon jwenn yon akò sou yon konfli istorik ki gen rapò ak yon pakèt fi koreyèn lame lanpi japonè a te swadizan fòse fè pwostitisyon pandan 2èm Gè Mondyal la. Yo te ba fi sa yo ti non jwèt "fanm ki bay konsolasyon".

Minis afè etranjè sid-koreyen an Yun Byung-Se fè yon deklarasyon sou dosye a lendi 28 desanm 2015 la apre yon rankont ak tokay japonè li a, Fumio Kishida -rankont kote l Misye Yun akò sa a kapab final menm si li pa kapab fòse Japon pran responsabilite li, ni respekte kondisyon yo.

Antant la prevwa yon dedomajman 8 milyon 300 mil dola pou granmoun aje ki te sèvi kòm esklav seksyèl yo ak yon ekskiz Premye Minis japonè a, Shinzo Abe, ap prezante bay peyi Kore di Sid.

XS
SM
MD
LG