Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Platfòm Politik LAPEH a Egzije Transparans nan Travay Komisyon Verifikasyon Elektoral la


Yon sant vòt an sesyon nan yon biwo elektoral (Achiv).
Yon sant vòt an sesyon nan yon biwo elektoral (Achiv).

Lidè Lig Altènatif pou Pwogrè ak Emansipasyon Ayiti (LAPEH), Jean Hector Annacasis, mande pou komisyon verikasyon elektoral la travay ak tout transparans. Platfòm nan ki gen reprezantan li nan 2èm tou eleksyon prezidansyèl yo, espere komisyon an ap itilize rapò plizyè òganizasyon nan sosyete sivil la te deja prepare pou li rekonèt e denonse magouy ki te genyen pandan eleksyon 25 oktòb la.

Pandanstan komisyon an kòmanse travay malgre Gwoup G-8 la ak Pati Fanmi Lavalas rejte fòmasyon entite sa a ki, daprè yo- pa gen ladan n reprezantan sektè yo te rekòmande gouvènman an. Premye Minis Evans Paul, ki di komisyon an genyen jiska 30 desanm 2015 la pou l remèt rapò li, bay garanti komisyon sa a ap ka travay an tout endepandans.

Nouvèl Ayiti pou vandredi 25 desanm 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:56 0:00
Direct link

Pastè Edouard Paultre , youn nan lidè Sosyete Sivil la, rekonèt gen feblès nan fason gouvènman an chwazi manm komisyon verikasyon elektoral la. Konsèy Elektoral Pwovizwa a, bò kote pa l, rejte komisyon an, paske lwa elektoral la pa prevwa fòmasyon yon antite konsa.

Yon lòt kote, responsab Legliz Episkopal Anglikàn ann Ayiti, Monsenyè Joachin Duracin, mete yon mesaj devan pèp ayisyen an nan okazyon Fèt Nwèl la. Korespondan nou nan Mirbalè Jean Christophe Collegue di nou nan mesaj sa a, Monseyè Duracin ensiste sou pwoblèm ensekirite, eleksyon, sante ak lavi chè ki poze nan peyi a.

Anfen, kriz politik la fè popilasyon an an jeneral -e sitou pwofesyonèl laprès yo-- wete atansyon yo sou youn nan lòt gwo pwen nan aktyalite nasyonal la, an palan de depòtasyon migran ayisyen kap viv nan Repiblik Dominikèn yo. Pou n konnen kijan sitiyasyon an prezante jounen jodi a, nou kontakte Edouard Saint-Jean, yon jounalis ayisyen ki baze nan Santo-Domingo, nan Peyi Panyòl.

XS
SM
MD
LG