Accessibility links

Breaking News

Move Tan Frape Plizyè Eta Ameriken


Yon mouche kap transpòte afè pèsonèl li apye, anba lapli, nan mitan vil Atlanta (Eta Jòji) nan jounen mèkredi 23 desanm 2015 la.
Yon mouche kap transpòte afè pèsonèl li apye, anba lapli, nan mitan vil Atlanta (Eta Jòji) nan jounen mèkredi 23 desanm 2015 la.

Ozetazini jounen mèkredi 23 desanm 2015 la te pote yon move tan tèrib nan yon gwo pati nan peyi a kote 6 moun pou pi piti pèdi lavi yo. Sèvis Nasyonal Meteo a fè konnen tònad (sètadi gwo vouvari van) ak lapli lavalas ki te mache ak gwo loray ki tap gwonde, frape eta Jòji, Mississippi, Tennessee, Arkansas ak Lwizyàn kote pi fò lanmò yo rive.

Nan pati santwès ak lès peyi a, moun yo ap fè eksperyans yon chalè espesyalis meteo yo pa abitye wè pandan premye semèn sezon ivè a. Otorite yo fè konnen se fenomèn ki rele El Nino a ki responsab chalè kontretan sa a.

Nan anpil rejyon ki pa nan pati nò peyi a, tankou vil Washington DC kote tanperati a ta dwe nòmalman nan 20 ou 30 degre nan epòk sa a nan ane a -swa yon nivo kote konn gen nèj- li deja anviwon 70 degre nan premye pati jounen jedi 24 desanm nan. Kaptenn meteo prevwa rejyon sa yo pral pase yon jounen Nwèl san nèj. Nan anpil eta se premye fwa sa rive depi plizè dizèn ane.

XS
SM
MD
LG