Accessibility links

Breaking News

Ayiti Politik: Opozisyon an Rejte Dezyèm Komisyon Verifikasyon Elektoral la


Ann Ayiti, lidè pati opozisyon yo rejte fòmasyon 2èm komisyon verikasyon elektoral la. Lidè sa yo di gouvènman an pa mete nan komisyon an reprezantan enstitisyon yo te pwopoze yo.

Nouvèl Ayiti pou jedi 24 desanm 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:10:52 0:00
Direct link

Yon lòt kote, yon responsab politik mande popilasyon an kontinye mobilize jiskaske kriz elektoral la jwenn yon solisyon. Camille Charlmers, pòtpawòt Pati Rasanbleman Sosyalis, fè konnen ranvwa eleksyon yo se yon viktwa pou sektè demokratik la e "pèp la dwe kontinye goumen pou l rejte pwojè Jovenel Moise la ki se yon arè de mò pou peyi a."

Anfen, kesyon ap poze pou mande ki konsekans ranvwa eleksyon ki te fikse pou 27 desanm yo kapab genyen sou echeyans 7 fevriye 2016 la -dat lwa elektoral la prevwa pou yon nouvo prezidan prete sèman? Eske moun ta dwe atann yo aske tout manm Konsèy Elektoral Provizwa a (KEP a) bay demisyon yo, jan G-8 la mande l la? Eske komisyon verifikasyon elektoral la ap rive soumèt rapò li nan delè li genyen an kap bout nan dat 30 desanm nan? Ki senaryo ki ka pèmèt peyi d Ayiti sòti nan kriz politik sa a? Analis politik Robert Benodin (Orlando, Florida), ansyen kandida a la prezidans Mathias Pierre, yon konseye ansyen kandida a la prezidans e Senatè Moise Jean-Charles nan G-8 la, ak analis politik Gracien Jean fè limyè sou kesyon sa yo nan mikro Serge Rodriguez ak Jean Pierre Leroy.

XS
SM
MD
LG