Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: KEP a Ranvwaye Dezyèm Tou Eleksyon yo san Li Pa Fikse yon Lòt Dat


Konsèy Elektoral Pwovizwa a pibliye, nan jounen lendi 21 desanm 2015 la, yon kominike kote l anonse otorite yo ranvwaye 2èm tou eleksyon prezidansyèl, lejislatif ak lokal ki te fikse pou dimanch 27 desanm nan. Kèk èdtan anvan piblikasyon kominke a, KEP a te bay yon konferans pou laprès kote l te anonse tout bagay te pare pou dewoulman eleksyon yo. Konsèy la di nan kominike a yo ranvwaye eleksyon yo akoz pwoblèm ki genyen pou enstale yon komisyon evalyasyon elektoral ak konsekans evantyèl rekòmandasyon komisyon sa a kapab genyen sou kalandriye elektoral la. Ansuit, pi ta nan jounen an, Premye Minis Evans Paul anonse fòmasyon yon lòt komisyon ki ta dwe satisfè doleyans pi fò sektè yo. Enstitisyon elektoral la poko fikse yon dat pou dewoulman eleksyon yo; lipa di non plis si yon nouvo palman ak yon nouvo prezidan ap enstale nan dat 11 janvye e 7 fevriye 2016 respektivman.

Nouvèl Ayiti pou madi 22 desanm 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:10:30 0:00
Direct link

Bò kote pa l, sekretè jeneral OPL (Oganizasyon Pèp kap Lite), pwofesè Sauveur P. Etienne, ki se manm group G-8 la, bay Lavwadlamerik yon entèvyou koteli fè konnen kondisyon yo pat reyini pou eleksyon yo te dewoule dimanch 27 desanm nan, e li repete deklarasyon asavwa desizyon gouvènman an te pran pou l mete yon komisyon elektoral sou pye a, dapre li, pa satisfè egzijans opozisyon an.

Yon lòt kote, konsènan envitasyon Konferans Episkopal la resevwa pou l fè pati komisyon evalyasyon elektoral Pouvwa Egzekitif la mete sou pye pou evalye rezilta eleksyon 25 oktòb pase a epi bay konsèy elektoral la ak egzktif la konsèy sou fason pou pwosesis la avanse, Lyonel Desmarattes pale ak pòt pawòl konferans la, Monseyè Patrick Aris, ki di kijan li konprann misyon yon komisyon konsa epi repete kondisyon ki, dapre li, dwe reyini pou misyon sa a reyalize.

Anfen, senatè Francisco Dela Cruz kritike manm konsèy elektoral pwovizwa poutèt yo pibliye sa yo rele "rezilta definitif" eleksyon lejislatif yo. Palmantè a raple konseye yo te dwe pran an konsiderasyon rekòmandasyon senatè yo ki te mande pou yo kanpe sou piblikasyon rezilta eleksyon yo jiskaske limyè fèt sou dosye a.

XS
SM
MD
LG