Accessibility links

Breaking News

Kominote San Bernardino a ap Chache Gerizon Aprè Atak 2 Desanm nan.


Fi ak timoun ki te asiste yon retrèt-o-flanbo nan Moske Baitul Hameed la nan San Bernardino, Eta Kalifòni, nan jounen jedi 3 desanm 2015 la.
Fi ak timoun ki te asiste yon retrèt-o-flanbo nan Moske Baitul Hameed la nan San Bernardino, Eta Kalifòni, nan jounen jedi 3 desanm 2015 la.

Ozetazini, pandan anketè yo ap chache fè limyè sou rezon ki fè yon koup marye te ouvè kout-zam nan yon lokal nan Eta Kalifòni kote yon seremoni fèt fen-dane tap dewoule --yon atak ki koze lanmò 14 moun-- manm kominote a kòmanse mete tèt yo ansanm pou yo chache gerizon. Se konsa, nan sware jounen jedi 3 desanm 2015 la, yon foul moun te reyini nan San Bernardino, vil kote trajedi a rive, pou yon seremoni souvni, egzatteman nan biwo kote ensidan an te dewoule a. Pastè Josua Beckley --te prezide seremoni an-- di sa k pase a pap lage dezespwa nan mitan popilasyon lokal la.

“ Nou tout byen kapab anba sezisman; nou byen kapab pa konprann poukisa sa rive; nou byen kapab nan konfizyon. Sepandan, nou pat kite dezespwa anvayi kè nou.”

An plis 14 moun ki mouri yo, atak la fè 21 blese. Ensidan an sakaje kominote San Bernardino a. Youn nan premye ajan-d-polis ki te rive sou plas yo, se lyetnan Mike Maddan ki dekri sa l te wè lè l te rive sou lye ensidan an.

" Kanaj nou te gen devan je nou an, sete vrèman efreyan: kantite moun ki te blese; kantite moun ki malerezman te deja mouri! Sete efreyan pou w te konstate panik, lapèrèz nan je moun yo ki te bezwen asistans, ki te bezwen santi yo an sekirite. "

Lapolis di atak la te byen prepare; men jiskaprezan yap poze kesyon pou mande poukisa koup marye a te deside komèt yon zak konsa.

XS
SM
MD
LG