Accessibility links

Breaking News

Atak sou Inosan Sivil nan Kalifòni. Bilan: 14 Mò, 17 Blese.


Chèf polis San Bernardino a, Jarrod Burguan (adwat), pandan li tap pale ak laprès tou prè anplasman kote lapolis te marye koutzam ak atakan yo nan jounen mèkredi 2 desanm 2015 la. (Foto: AP/Chris Carlson).
Chèf polis San Bernardino a, Jarrod Burguan (adwat), pandan li tap pale ak laprès tou prè anplasman kote lapolis te marye koutzam ak atakan yo nan jounen mèkredi 2 desanm 2015 la. (Foto: AP/Chris Carlson).

Ozetazini, otorite yo ap chache konnen poukisa yon gason ak yon fi ki nan ventèn yo ouvè kout-zam sou yon foul moun ki te reyini pou yo patisipe nan yon seremoni fèt-fendane nan yon biwo ki ofri sèvis pou kominote a nan vil San Bernardino, nan Eta Kalifòni. Bilan: 14 moun mouri (pami yo genyen 2 atakan yo) ak 17 blese. Moun ki komèt zak sa yo rele Syed Farook ak Tashfeen Malik; gen nouvèl ki di sete yon koup marye.

Lapolis fè konnen tout bagay te kòmanse nan kòmansman jounen mèkredi 2 desanm 2015 la lè Syed Farook ak dam nan te antre nan lokal la pou yo patisipe nan yon seremoni responsab yo te òganize nan okazyon fèt Nwèl la; e sa te pran fen nan yon echanj kout-zam ant 2 mesye dam yo ak lapolis ki te fin pa ansèkle machin yo aprè otorite yo te rapouswiv yo.

Lapolis konsidere ensidan an kòm yon zak teworis lokal. Sepandan FBI ap anvizaje posiblite pou sa ta gen rapò ak yon rezo teworis entènasyoal kèlkonk. David Bowdish, asistan-direktè Biwo FBI nan Los Angeles, pale de posiblite sa a tou. Misye Bowdish di:

" Mwen byen konnen youn nan kesyon moun ap soulve san rete, se mande : Eske se zak teworis? Mwen poko pare toujou pou m di avek asirans si se sa oubyen si se pa sa. San di pètèt, nap avanse sou posiblite sa a; nap fè kèk ajisteman nan ankèt nou. Se yon posiblite; men nou poko konnen avèk asirans."

Byen bonè nan jounen jedi 3 desanm nan, yon bò-frè Syed Farood --non misye se Farhan Kahn-- prezante kondoleyans li bay fanmi viktim yo nan yon rankont li fè ak laprès nan lokal Konferans Relasyon Amerikano-Islamik la nan Los Angeles. Misye Khan deklare:

“Mwen pa gen okenn ide, okenn ide sou rezon li fè yon bagay konsa. Poukisa li komèt yon zak konsa? Mwen pa gen okenn ide ditou-ditou. Jiskaprezan mwen anba chòk toujou.”

Pandansetan Prezidan Barack Obama, ki bay chèn televisyon CBS yon entèvyou, fè konnen otorite yo ap itilize kèk mwayen pou yo bay sitwayen ameriken yo plis sekirite. Daprè Misye Obama, nan tout nivo gouvènman an, --kèlkeswa pati politik otorite yo-- yo ta dwe mete tèt yo ansanm pou yo fè yon jan pou zak tankou sa k rive nan vil San Bernardino a tounen ensidan ki rive raman, e non pa souvan.

XS
SM
MD
LG