Accessibility links

Breaking News

Somè Hollande-Putin - Lit kont Gwoup Eta Islamik la nan Sant Deba yo.


Prezidan ris la, Vladimir Putin
Prezidan ris la, Vladimir Putin

Prezidan fransè a, François Hollande, ale nan peyi Larisi jedi 26 novanm 2015 la nan kad efò Lafrans ap fè pou l mete sou pye yon kowalisyon mondyal pou ranfòse lit kont Gwoup Eta Islamik la aprè seri atak ki te touye anpil moun nan vil Pari.

Pandan misye Hollande nan vil Moskou, lap rankontre ak Prezidan Vladimir Putin pandan lap kontinye yon tounen nan divès kapital --toune ki deja mennen li nan Washington, Lond ak Bèlen, kote gouvènman ameriken an, gouvènman britanik la, gouvènman alman an deja pran angajman pou yo apiye efò Lafrans yo. Gwoup Eta Islamik la -kap kontwole yon gwo pati nan peyi Siri ak Irak- te pran responsablite pou atak an seri ki te fèt nan dat 13 novanm pase a nan vil Pari kote 130 moun te pèdi lavi yo.

Premye Minis fransè a, Manuel Valls (a g.) ak Prezidan François Hollande (a d.) nan vil Pari, nan kòmansman jounen jedi 26 novanm 2015 la, anvan lidè fransè a te ale Moskou. (Foto: AP/Michel Euler)
Premye Minis fransè a, Manuel Valls (a g.) ak Prezidan François Hollande (a d.) nan vil Pari, nan kòmansman jounen jedi 26 novanm 2015 la, anvan lidè fransè a te ale Moskou. (Foto: AP/Michel Euler)

Lafrans te deja fè pati yon kowalisyon ki lage koukouwouj dèyè militan Gwoup Eta Islamik la; sepandan otorite franse yo twouve yo anba gwo presyon pou yo pote yon pi gwo kontribisyon nan lit kont òganizasyon islamik la aprè atak ki te fèt nan kapital li a. Moun pa ka di egzatteman ki tip presyon Prezidan Hollande kapab mete sou tokay ris li a pou l fè Misye Putin aksepte antre nan kowalisyon kont gwoup islamik la.

Espwa pou demach lidè fransè a reyisi te vin febli nan jounen madi 24 novanm nan aprè aviyasyon militè peyi Latiki, yon alye l'OTAN, te desann yon avyon-konba ris sou fwontyè tiko-siryen an. Avyon an tap patisipe nan yon kanpay militè Moskou lanse nan Siri avèk objektif pou garanti ke Prezidan Bashar al-Assad rete sou pouvwa a; nan sans sa a, ekspedisyon militè ris la lanse atak sitou sou rebèl siryen kap goumen kont rejim Assad la avèk apui peyi oksidantal yo.

XS
SM
MD
LG