Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon : KEP Anonse Ouvèti Kanpay pou Dezyèm Tou Prezidansyèl yo


Jude Célestin, kandida pati LAPEH a.
Jude Célestin, kandida pati LAPEH a.

Ann Ayiti, Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) anonse ofisyèlman ouvèti kanpay pou 2èm tou eleksyon prezidansyèl yo. Kanpay la kòmanse jedi 26 novanm nan e lap pran fen nan dat 22 desanm 2015 la, avèk patisipasyon kandida PHTK a (pati ki sou pouvwa a ), Jovenel Moise, ak kandida Pati LAPEH a, Jude Celestin. Kanpay la kòmanse nan moman opozisyon an kontinye mande fòmasyon yon komisyon endepandan pou evalye pwosè vèbal premye tou eleksyon yo.

Kandida PHTK a, Jovenel Moise, nèg bannann nan.
Kandida PHTK a, Jovenel Moise, nèg bannann nan.

Antretan, kandida PHTK a, Jovenel Moise, te nan Plato Santral la nan jounen mèkredi 25 novnam 2015 la. Misye Moise rankontre ak senpatizan, patizan ak kèk eli lokal pou l mande apui yo pandan 2èm tou prezidansyèl yo ki fikse pou 27 desanm 2015 la.

Nouvèl Ayiti pou jedi 26 novanm 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:24 0:00
Direct link

Yon lòt kote, yon gwoup 8 kandida alaprezidans ak pati Fanmi Lavalas ki rejte rezilta eleksyon prezidansyèl 25 okotob yo, kòmanse fè yon seri rankont avèk divès sektè nan peyi a pou yo konnen ki etap yo pral franchi apre Konsèy Elektoral Pwovizwea a fin rejte apèl yo pou yon komisyon endepandan re-evlaye rezilta eleksyon yo; olye de sa, KEP a pibliye rezilta eleksyon yo ki konfime avans kandida PHTA a epi li anonse ouvèti kanpay la pou 2èm tou prezidansyèl la. Paralèlman ak rankont sa yo, Gwoup 8 la lanse 3 jounen manifestasyon kap kòmanse jedi 26 novanm nan pou egzije respè doloyans yo. Kandida Pati Pitit Desalin nan, Moise Jean-Charles, youn nan lidè gwoup la, di Lavwadalamerik rezon-dèt manifestasyon sa yo.

Anfen, kesyon ki gen ranpò ak aktyalite elektoral la te nan sant diskisyon yo nan pwogram lib tribin nou Dyaloge ak Etazini, edisyon mèkredi 25 novanm 2015 la. Envite Jacques Jean Baptiste ak Jean Pierre Leroy sete doktè Danel Cédant ak Pwofesè e lidè politik Sauveur Pierre Etienne.

XS
SM
MD
LG