Accessibility links

Breaking News

Ayiti/Politik: KEP a Rejte Lide pou yon Komisyon Endepandan Verifye Rezilta Eleksyon Prezidansyèl yo


AYITI-ELEKSYON

Konsèy Elektoral Pwovizwa a rejte demand 8 kandida a la prezidans te fè pou KEP a aksepte fòmasyon yon komisyon endepandan pou verifye pwosè vèbal eleksyon yo. Konsèy la pran desizyon sa a apre manm li yo te fè yon chita-tande avèk group kandida sa yo lendi 16 novanm 2015 la. Konseye Pierre Manigat Junior, ki reponn kesyon Jean Robert Philippe, di lwa elektoral la pa prevwa fòmasyon yon komisyon pou verifye rezilta eleksyon yo.

Nouvèl Ayiti pou madi 17 novanm 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:39 0:00
Direct link

Yon lòt kote, Konsèy Elektoral la pibliye rezilta eleksyon pou pòs majistra yo. Dapre lwa elektoral la, katèl majistra ki jwenn plis vwa ranpòte eleksyon an ak yon majorite senp.

AYITI-SEKIRITE FWONTYÈ

Prezidan Michel Joseph Martelly pale de nesesite pou Leta ayisyen ranfòse sekirite a sou fwontyè yo apre arestasyon 3 sitwayen siryen nan yon ayewopò sou Lil Sen Maten samedi 14 novanm 2015 la. Sanble siryen sa yo te sòti ann Ayiti. Chèf Deta a pwomèt pou l kontinye pran dispozisyon ki nesesè pou pwoteje popilasyon an.

AYITI-REPIBLIK DOMINIKÈN

Chanselye ayisyen an, Lener Renaud, anonse yon rankont ak tokay dominiken li a, Andrés Navarro, nan Trinidad Tobago nan dat 23 novanm ki ap vini la a, nan kad reyinyon lidè Asosyasyon Eta Karayib yo (AEC). Selon chèf diplomasi ayisyèn nan, rankont la pral santre sou dosye imigrasyon ak echanj komèsyal.

XS
SM
MD
LG