Accessibility links

Breaking News

Jounalis Jean Max Blanc Mouri Vandredi 13 Novanm 2015 la nan Pòtoprens


Jean Max Blanc (Koutwazi Depatman Enfòmasyon d Ayiti)
Jean Max Blanc (Koutwazi Depatman Enfòmasyon d Ayiti)

Se avèk anpil tristès Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la aprann nouvèl lanmò jounalis Jean Max Blanc nan peyi d Ayiti.

Jean Max Blanc sete 2èm korespondan Sèvis Kreyòl la nan Pòtoprens, kote li te ranplase ansyen kolaboratè nou e pwofesè jounalism Yves Colon an 1988, ane kote peyi a te anba rejim KNGP a (Konsèy Nasyonal Gouvènman Pwovizwa a) ki te gen Jeneral Henry Namphi nan tèt li.

Pandan jounalis Jean Max Blanc tap kouvri yon manifestasyon –ki te yon fenomèn nouvo nan peyi a- manm Lame d Ayiti (FAD’H) te poze arestasyon li epi yo te mete l nan prizon aprè yo te bat li byen bat. Aprè kèk jou, Jean Max ta pral jwenn liberasyon n ; lè li te sòti nan prizon, se yon kanaval moun (jounalis, atis, etidyan, pwofesè, elatriye) ki te akiyi l e kolèg li yo nan laprès te pote l sou tèt pou al depoze li nan Radyo Metwopòl kote li tap travay.

Si Jean Max te kontinye travay kòm korespondan Lavwadlamerik, li ta pral mete talan li o-sèvis divès lòt medya, tankou Radyo Lakansyèl, e kèk ane pi ta li te pote kontribisyon n bay jounal an-liyn HPN (Haitian Press Network) sou direksyon fondatè medya sa a e bon zanmi li, Clarens Renois. Dènye fonksyon Misye Blanc te okipe nan pwofesyon travayè laprès la, sete atache nan sèvis kominikasyon Depatman Enfòmasyon an nan Pòtoprens ak jounalis nan Radyo Pasifik FM.

Nou va pran kontak ak Lafanmi Blanc pou nou konnen detay sou aranjman kap fèt pou antèman an. Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la prezante kondoleyans sensè li bay fanmi an, ak tout paran e alye ki nan lapèn akoz lanmò sa a.

XS
SM
MD
LG