Accessibility links

Breaking News

Bangkòk, Tayland: Syèj Konferans Entènasyonal Jèn 2015 la


Konferans Jenès
Konferans Jenès

Ayiti ap patisipe nan 6èm Somè Entènasyonal Jèn Lidè yo "One Young World" k ap dewoule nan vil Bangkòk, peyi Tayland, sòti 18 pou rive 21 Novanm 2015 la. Tèm-kle somè sa a se : Anviwonman, Biznis, Bòn Gouvènans ak Edikasyon.

Delegasyon ayisyèn nan ap ge ladan n jèn delege, anbasadè ak atis ki genyen ant 18 e 30 an. Evenman sa a ap reyini plis pase mil 500 jèn kap sòti nan 193 peyi. Apre Je Zolempik yo, se aktivite mondyal ki rasanble plis jèn yon sèl kote suplanèt la. Kloti evenman an ap dewoule nan Inivèsite Chulalongkorn nan, toujou nan Bangkok. Nan okazyon an, yon pasasyon flanbo pral fèt ant Tayland , peyi oganizatè ane sa a, ak Kanada ki pral òganize edisyon 2016 la.

11-13-15 Konferans Entènasyonal Jèn Lidè nan Bankòk
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:19 0:00
Direct link

Men lis moun kap nan delegasyon ayisyèn nan: Nougechaelove Robillard, Stéchard Louis, Jacquelin Alcius, Jodney Paul Alcime, Christopher L. , Patrick R. , Jheny Thimot, Marc Alain Bousicault, Junior Angoy.

Youn nan delege yo, Jacquelin Alcius, reponn kesyon Jacquelin Bélizaire.

XS
SM
MD
LG