Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini ap Selebre Veteran's Day ou « Jounen Konbatan Lagè yo »


Yon gwoup Girl Scouts amerikèn nan peyi Kore di Sid (agoch) ap selebre Jounen Konbatan yo nan yon seremoni ki dewoule nan vil Sewoul avèk patisipasyon sòlda ameriken ak sid-koreyen.
Yon gwoup Girl Scouts amerikèn nan peyi Kore di Sid (agoch) ap selebre Jounen Konbatan yo nan yon seremoni ki dewoule nan vil Sewoul avèk patisipasyon sòlda ameriken ak sid-koreyen.

Ozetazini, pandan tout jounen mèkredi 11 novanm nan, restoran ak lòt biznis detayan atravè peyi a ap ofri sèvis gratis oubyen o-rabè pou tout ansyen konbatan lagè yo nan okazyon selebrasyon yon fèt anyèl ki rele "Veteran’s Day", oubyen "Jou ansyen Konbatan yo". "Veteran's Day a" se jou ameriken yo mete sou kote pou yo rann omaj pou tout fi ak tout gason ki te sèvi (ou kap sèvi toujou) nan fòs zame Lèzetazini yo.

Ameriken yo te kòmanse selebre jou sa a nan lane 1919 lè Prezidan Woodrow Wilson te pwoklame dat 11 novanm nan kòm Jou Amistis pou selebre fen Premye Gè Mondyal la. Objektif la sete fè lidè mondyal yo pran dispozisyon pou yo mete fen nan tout lagè, aprè konfli sa a ki te mete fas a fas Lalmay ak peyi alye yo, tankou La Grand Bretay ak Lezetazini. Amistis la te antre an aplikasyon nan 11èm è 11èm jou 11èm mwa ane a.

Jou konje nasyonal sa a te vin ofisyèl nan ane 1938 kote yo te rele li "Jounen Amistis la"; li ta pral pote non sa a jous nan ane 1954 kote yo te chanje non an pou rele li "Jou Veteran yo" aprè 2èm Gè Monydal la ak Lagè Kore a. Otorite yo separe li ak Memorial Day (ou "Jou Souvni an") ki tonbe nan dènye jou lendi mwa d me a e ki onore manm lame amerikèn nan (gason kou fanm) ki tonbe sou channbatay.

XS
SM
MD
LG