Accessibility links

Breaking News

Myanmar-Eleksyon : Gwo Viktwa pou Opozisyon an.


Lidè Lig Nasyonal pou Demokrasi a, Aung San Suu Kyi (bra anlè), pandanli tap fè yon diskou sou balkon katye jeneral pati a nan Ranngoun, Bimani, nan jounen lendi 9 novanm 2015 la.
Lidè Lig Nasyonal pou Demokrasi a, Aung San Suu Kyi (bra anlè), pandanli tap fè yon diskou sou balkon katye jeneral pati a nan Ranngoun, Bimani, nan jounen lendi 9 novanm 2015 la.

Nan peyi Nyanmar (ansyen Bimani), pati lidè opozisyon an, Aung San Suu Kyi, ranpòte premye syèj li nan sa k sanble ak yon veritab radmare pati a reyalize nan eleksyon lejislatif ki dewoule dimanch 8 novanm nan. Daprè yon anons komisyon elektoral la fè nan jounen lendi a, Lig Nasyonal pou Demokrasi a ranpòte 12 plas reprezantan nan Chanm Bas la pou vil Rangoon sèlman.

Komisyon an fè anons sa a yon ti moman aprè Madam Suu Kyi te fè yon diskou devan yon foul patizan ki te reyini nan katye jeneral pati a, kote l te di li gen konfyans Lig Nasyonal la pral ranpòte yon viktwa istorik nan eleksyon yo; men li te derefize kriye yon viktwa total, puiske gen vòt ki te rete pou konte toujou.

Madam Sui Kyi te di -nap site: "Jiskaprezan, tout vwa yo poko finkonte; men mwen panse tout moun konnen deja (oubyen yo deja supoze) kisa rezilta yo pral ye." fen sitasyon.

Lidè Lig Nasyonal la lanse apèl bay patizan l yo pou l mande yo pa pwovoke kandida ki pèdi yo. Pòtpawòl pati a, Win H-Tein, fè laprès konnen Lig Nasyonal la ranpòte 70 pou san vwa yo sou plan nasyonal la daprè tabilasyon ki poko ofisyèl. 32 milyon sitwayen te enskri pou yo patisipe nan eleksyon yo pou yo chwazi manm tou lè 2 chanm palman an, ak asanble rejyonal yo.

XS
SM
MD
LG