Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Konsèy Elektoral Pwovizwa a Pibliye Rezilta Preliminè Eleksyon Prezidansyèl yo


Patizan yon kandida ap pare pou yo enstale yon barikad pou montre yo pa kontan ak rezilta eleksyon yo.
Patizan yon kandida ap pare pou yo enstale yon barikad pou montre yo pa kontan ak rezilta eleksyon yo.

Ann Ayiti, Konsèy Elektoral Pwovizwa a pibliye, nan jounen jedi 5 novanm 2015 la, rezilta preliminè eleksyon 25 oktòb yo. Kandida PHTK a, Jovenel Moise, vini an premye pozisyon ak 32,81% vwa yo; kandida LAPEH a, Jude Celestin, okipe 2èm plas la avèk 25,27%; Moise Jean Charles vini an 3èm pozisyon avèk 14,27% vòt yo; Doktè Maryse Narcisse, kandida Pati Fanmi Lavalas la, twouve l an 4èm pozisyon ak 7,5% vwa yo. Epi, kandida Pati MAS la, Erick Jean Baptiste, okipe 5èm plas la ak 3,63 %. Si rezilta sa yo konfime, se kandida PHTK, Jovenel Moise, avèk kandida LAPEH a, Jude Celestin, ki ta dwe patisipe nan 2èm tou eleksyon an nan fen mwa desanm nan.

Nouvèl Ayiti pou vandredi 6 novanm 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:14:44 0:00
Direct link

Reyaksyon aprè piblikasyon rezilta preliminè prezidansyèl yo

Kandida platfòm Pitit Dessalines, Moïse Jean-Charles, rejte rezilta eleksyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a pibliye a. Mesye Jean Charles lonje dwèt sou KEP a, gouvènman an plas la ak yon pati nan kominote entènasyonal, 3 sektè ki, daprè sa li di, fè konplo pou bay "rezilta politik sa-a". Kandida Pati Pitit Desalin nan mande "yon mobilizasyon jeneral pou fòse KEP a respekte vòt popilè a."

Kandida PHTK a Jovenel Moise
Kandida PHTK a Jovenel Moise

Anfen, nan premye deklarasyon kandida pati ki sou pouvwa a (PHTK), Jovenel Moise, fè nan laprès, li konsidere "rezilta preliminè yo kòm yon premye viktwa." Selon kandida PHTK a, rezilta sa yo montre pèp la konprann mesaj pou devlopman lap pwone a. Misye Moise fè deklarasyon sa a nan moman kandida alaprezidans pati Oganizasyon Pèp kap Lite (OPL), pwofesè Sauveur Pierre-Etienne, aksepte defèt li e li anonse li pral apiye kandida pati LAPEH a, Judes Celestin, nan dezyèm tou eleksyon an.

Kandida ki pa dakò ak rezilta preliminè yo gen 72 zè tan pou yo konteste yo devan tribinal elektoral yo. KEP a pral pibliye rezilta definitif premye tou a nan fen mwa a, dapre kalandriye elektoral la.

XS
SM
MD
LG