Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: KEP a Ranvwaye Piblikasyon Rezilta Preliminè Eleksyon Prezidansyèl yo


Barikad anflame nan Pòtoprens avan piblikasyon rezilta eleksyon yo
Barikad anflame nan Pòtoprens avan piblikasyon rezilta eleksyon yo

Ann Ayiti, dapre yon nòt otorite Konsèy Elektotral Pwovizwa a pibliye, KEP a ranvwaye pou jedi 5 novanm 2015 la piblikasyon rezilta preliminè eleksyon prezidansyèl yo ki te gen pou parèt nan jounen madi 3 novanm nan. Pami rezon konsèy la bay pou eksplike desizyon an, li site kantite plent komisyon elektoral la te resevwa bò kote pati politik yo ak kandida yo sou sa yo konsidere kòm mankemelanj ki ta genyen nan eleksyon 25 oktòb la. Komisyon an te transfere desizyon li pran sou plent sa yo bay Sant Tabilasyon an ki dwe analize yo pa rapò ak pwosè vèbal yo; daprè nòt KEP a, komisyon an pat gen tan fè travay sa a avan delè lwa elektoral la prevwa pou piblikasyon rezilta yo, swa madi 3 novanm nan.

Nouvèl Ayiti pou madi 3 novanm 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:22 0:00
Direct link

Yon lòt kote, analis politik yo toujou gen kè-sote devan posiblite pou ta genyen dezòd nan peyi a apre piblikasyon rezilta eleksyon yo si yo ta favorize yon kandida depi nan premye tou. Ansyen kolonèl Himler Rébu ak pwofesè e politològ Gracien Jean te abòde kesyon an ak Jacques Jean-Baptiste sa pa gen lontan sou Lavwadlamerik. Daprè Misye Rébu, li pa ta saj pou rezilta yo bay yon gayan majorite absoli a, sa ki tap evite otomatikman yon 2èm tou.

Sou plan sekirite a, PNH (Polis Naysonal d Ayiti) mande abitan kap viv nan katye Pòtoprens yo kolabore avèk otorite yo pou yo kapab mete men sou kriminèl yo olye yo fòme brigad vijilans. Pòtpawòl adjwen PNH la, Enspektè Gary Desrosiers, mande popilayson an pa bay tèt li jistis, men kite otorite ki la pou sa fè travay yo.

Anfen, kandida alaprezidans Mathias Pierre --ki te abandone kous elektoral la pou l apiye kandida Moise Jean-Charles-- kritike Ministè Finans ayisyen an pou bidjè 2015-2016 la; paske, daprè li, li ofri twòp rekonpans pou gouvènman sòtan an.

XS
SM
MD
LG