Yon palmantè konsèvatè ameriken, Paul Ryan (depite repibliken Eta Wisconsin) eli nan jounen jedi 29 oktòb 2015 la kòm nouvo prezidan Chanm Bas la nan plas John Boehner, Depite Eta Ohio, ki bay demisyon li e kap kite Kongrè a nan jounen vandredi-a.
Nan seremoni kote pasasyon pouvwa a fèt nan Kapitòl la, Misye Boehner te pwononse mo sa yo, antwòt:
"Pinga nou janm bliye nou se peyi ki pi "chanceux" nan mond la. Isit Ozetazini, ou kapab reyalize nenpòt ki bagay depi ou dispoze fè efò pou sa; depi ou dispoze travay di... Ou ka reyalize nenpòt bagay depi ou sòti pou w fè sakrifis ki nesesè pou sa...."
Kòkèg ki raplase Misye Boehner la, Depite Paul Ryan, genyen 45 an. Li te gen kèk mo pou kolèg li yo ki te vote pou chwazi li kòm premye depite pami tout depite yo. Misye Ryan deklare:
"Zanmi m yo, se yon gwo onè nou fè m la a. Pèp atravè tout peyi sa a fè nou yon gwo onè. Kounyela a, ann pwouve yo nou merite onè sa a. Ann leve tèt nou a la otè onè sa a. E lè nou va fini, ann mete nou nan yon pozisyon pou n di: Akoz de travay nou, pèp sa a vini pi ini, lap viv pi byen, ak plis kè-kontan e li pi lib."
Kòm nouvo prezidan Lachanm, Paul Ryan tounen demen lavèy youn nan pi gwo otorite ki genyen nan Washington; paske, aprè Vis Prezidan an, li se 2èm ofisyèl ameriken ki ka ranplase Prezidan Lèzetazini an si li pa ta kapab ranpli fonksyon li.