Accessibility links

Breaking News

Ayiti/Eleksyon: RNDDH Denonse "Ilegalite Kèk Pwosè Vèbal Elektoral"


Patizan kandida a la prezidans Moise Jean-Charles mete dife nan yon ri nan Pòtoprens pou yo denonse sa yo rele koken ki ta vap fèt nan sant tabilasyon an.
Patizan kandida a la prezidans Moise Jean-Charles mete dife nan yon ri nan Pòtoprens pou yo denonse sa yo rele koken ki ta vap fèt nan sant tabilasyon an.

Youn nan responsab Rezo Nasyonal Defans Dwamoun ann Ayiti (RNDDH), Marie Yolène Gilles, denonse le fèt ke yon seri pwosè vèbal ta pote siyati manm UNADA -yon group obsèvatè Konsèy Elektoral Pwovizwa a te mete deyò anba akizasyon deske li t ap vann kat elektoral. Responsab UNADA yo rejte akizasyon sa a. Selon Madam Gilles toujou, prezans obsèvatè serye nan sant tabilasyon an pa repezante yon garanti ke pap gen koken nan transmisyon done yo. Dirijan RNDDH la bay detay sou konsta li fè pandan li tap obsève sa kap fèt nan sant tabilasyon an.

Nouvèl Ayiti pou vandredi 30 oktòb 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:20 0:00
Direct link

Reprezantan yon pati politik nan rejyon sid peyi a mande Konsèy Elektoral Pwovizwa a pran sanksyon kont tout moun ki ta mele nan volè bwat bilten pandan jounen elektoral 25 oktob pase a. Korespondan nou nan vil Okay, Jean Hernst Eliscar, di nou Claude Bernard, yon manm direktwa OPL-Sid, mande otorite elektoral yo louvè you ankèt sou dosye a you fason pou yo kapab rive mete men sou koupab yo e renmèt yo bay lajistis.

Bò kote pa l, platfòm Espas Rezistans Patriyotik, ki kritike eleksyon prezidansyèl 25 oktòb pase a, envite popilasyon an pou l rete mobilize, fòse gouvènman an plas la ak manm KEP a bay demisyon yo, epi egzije enstalasyon yon gouvènman tranzisyon pou òganize eleksyon nan peyi a.

Anfen, Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) prezante yon rapò ki bay bilan yon operasyon polisye yo mennen nan kad yon aksyon PNH rele "Operasyon Tanpèt" kap dewoule sou teritwa nasyonal la. Gras ak operasyon sa a, lapolis rive sezi plizyè machin ak zam epi yo arete anpil prezime bandi. Pòtpawòl PNH la, Garry Desrosiers, bay detay sou rapò a.

XS
SM
MD
LG