Accessibility links

Breaking News

̂̂ "Nou Swete Tout Moun Va Respekte Rezilta Eleksyon yo", Deklarasyon Kowòdonatè Espesyal Kenneth Merten.


Kowòdonatè Espesyal Depatman Deta a e ansyen Anbasadè Lèzetazini ann Ayiti, Kenneth Merten (mitan), pandan yon vizit nan Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la. (Sòti adwat pou rive agoch: Jean Robert Philippe, Ronald César, Marie-Luce Pierre ak Lyonel Desmarattes).
Kowòdonatè Espesyal Depatman Deta a e ansyen Anbasadè Lèzetazini ann Ayiti, Kenneth Merten (mitan), pandan yon vizit nan Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la. (Sòti adwat pou rive agoch: Jean Robert Philippe, Ronald César, Marie-Luce Pierre ak Lyonel Desmarattes).

Kowòdonatè Espesyal Depatman Deta a pou Ayiti, Anbasadè Kenneth Merten -ki se an menm tan Asistan Sekretè Deta Lèzetazini pou Afè Emisferik yo-- bay Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la yon entèvyou kote li eksprime opinyon administrasyon Obama a sou eleksyon jeneral ki dewoule dimanch 25 oktòb la ann Ayiti.

Misye Merten fè konpliman pou tout pèp ayisyen an an jeneral, e an patikilye pou gouvènman an, Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) ak Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) pou yon travay anpil sektè nan peyi a kou aletranje konsidere kòm yon siksè.

Entèvyou Kowòdonatè Espesyal Depatman Deta a pou Ayiti, Kenneth Merten, avèk J. Jean-Baptiste sou eleksyon yo ann Ayiti.
please wait

No media source currently available

0:00 0:17:55 0:00

Kowòdonè Espesyal la, ki tap reponn kesyon Jacques Jean-Baptiste, deklare se avèk yon gwo plezi Lèzetani te pote kontribisyon l nan òganizasyon eleksyon yo ann Ayiti, yon peyi Lèzetazini konsidere kòm yon zanmi e yon patnè. Misye Merten, ki ajoute Washington ap swiv avèk anpil enterè sa kap pase nan peyi karayib la, ensiste pou l di Lèzetazini pa genyen okenn preferans pou yon kandida kèlkonk, e li swete tout lidè polik yo ak tout kandida yo va respekte rezilta KEP a pral pibliye yo, paske "tout moun pa kapab genyen."

XS
SM
MD
LG