Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Travay 24 sou 24 nan Sant Tabilasyon an pou Rezilta yo Sòti nan Kòmansman Novanm nan


Anplwaye Konsèy Elektoral la nan yon biwodvòt.
Anplwaye Konsèy Elektoral la nan yon biwodvòt.

Ann Ayiti, pandan sant tabilasyon an ap analize epi sezi done yo, lidè politik yo ak kandida yo pa sispann pale de sa yo konsidere kòm manipilasyon ki ta genyen pandan jounen elektoral 25 oktob 2015 la. Pozisyon sa a sanble kreye yon anbyans ki byen kapab lage dout sou avni pwosesis elektoral la ann Ayiti. Anvwaye espesyal nou nan peyi d Ayiti, Jacquelin Belizaire, gen reyaksyon kèk lidè politik.

Nouvèl Ayiti pou jedi 29 oktòb 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:44 0:00
Direct link

Yon lòt kote, Direktè sant tabilasyon eleksyon an, Widmark Matador, anonse responsab yo ap travay 24 sou 24 pou yo trete pwosè vèbal yo resevwa nan tou lè 10 depatman peyi a. Korespondan nou, Orpha Dessources, di nou Misye Matador deklare li espere remèt Konsèy Elektoral Pwovizwa a travay sant la alè pou piblikasyon.

Anfen, responsab yon gwoup dwazimen nan Lagonav bay opinyonn sou dewoulman eleksyon 25 oktòb yo. Alfred Dieuseul, dirijan Rezo Gonavyen Dwa Moun nan Lagonav, reponn korespondan nou, Wilfaud Prezeau.

XS
SM
MD
LG