Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon : 3èm Deba Pati Repibliken an ap Dewoule Mèkredi 28 Oktòb la.


Deba Pati Repibliken an pou kanpay elektoral 2016 la. De goch a dwat: Senatè Ted Cruz (Tegzas), Doktè Benjamin (Ben) Salomon Carson (ki tap pale) ak antreprenè Donald Trump.
Deba Pati Repibliken an pou kanpay elektoral 2016 la. De goch a dwat: Senatè Ted Cruz (Tegzas), Doktè Benjamin (Ben) Salomon Carson (ki tap pale) ak antreprenè Donald Trump.

Ozetazini, se nan sware jounen mèkredi 28 oktòb 2015 la 3èm deba kandida a la prezidans pou Pati Republiken an ap dewoule nan vil Boulder, nan Eta Colorado. Deba sa a tonbe nan kad kanpay pou eleksyon primè yo pou konnen kilès nan kandida yo ki pral jwenn nominasyon pati a, nan moman kandida ki pase lontan nan tèt sondaj yo, Donald Trump, sanble kòmanse febli devan avans kandida Ben Carson, yon doktè-chirijyen-sèvo ki pran retrèt li.

Yon dènye sondaj ki fèt nan Iowa --yon Eta ki toujou jwe yon wòl trè zenpotan nan primè yo-- montre Misye Carson ap fonse kòt-a-kòt ak Donald Trump, tandiske yon lòt sondaj montre, sou plan nasyonal la, pou la prèmyè fwa doktè retrete a pran devan Donald Trump.

Vrèmanvre, daprè yon sondaj jounal New York Times ak chèn televizyon CBS prepare e ki baze sou kontak yo te pran ak elektè atravè tout peyi a, Ben Carson genyen 26% entansyon vòt yo pami elektè repibliken yo, tandiske Donald Trump genyen 22 %. Se premye fwa Misye Trump pa okipe premye plas la nan yon sondaj nasyonal depi New York Times ak CBS te kòmanse evalye to popilarite kandida repibliken yo nan fen mwa jiyè a.

10 kandida pral monte sou podyòm nan mèkredi swa : Milti-milyatè nan biznis imobilye Donald Trump ;ansyen doktè-sèvo Benjamin (Ben) Salomon Carson ;ansyen gouvènè Eta Florid Jeb Bush ;ansyen PDG biznis Carly Fiorina, Senatè ameriken Marco Rubio (Eta Florid) ; Senatè ameriken Ted Cruz (Eta Tegzas) ; ansyen gouvènè Eta Askansas, Mike Huckerbee ; Gouvènè Eta New Jersey, Chris Christie ; Gouvènè Eta Ohio, John Kasich ; Senatè ameriken Rand Paul (Eta Kentucky).

Anvan deba sa yo, gen yon premye ki pral mete kòt-a-kòt, nan fen jounen mèkredi a, 4 kandida ki pa gen plas yo pami 10 premye yo : Ansyen Senatè Rick Santorum, (Eta Pennsilvani); Gouvènè Bobby Jindal (Eta Lwizyàn) ; ansyen Gouvènè George Pataki (Eta New York) ; Senatè ameriken Lindsay Graham (Eta Kowolin di Sid).

XS
SM
MD
LG