Accessibility links

Breaking News

Ayiti/Eleksyon: Sant Tabilasyon an Kòmanse Resevwa Pwosè Vèbal Elektoral yo


Manm ekip obsèvasyon elektoral Inyon Ewòp la ap swiv depouyman bilten yo nan yon biwodvòt
Manm ekip obsèvasyon elektoral Inyon Ewòp la ap swiv depouyman bilten yo nan yon biwodvòt

Ann Ayiti, direktè Sant Tabilasyon Elektoral la, Widmarck Matador, fè konnen responsab sant la kontinye resevwa pwosè vèbal kap soti nan tout peyi a. Pou kounye a yap travay pou yo franchi pwochen etap la, ki se soumèt rezilta yo devan KEP a apre yo va fin trete tout pwosè vèbal yo.

Nouvèl Ayiti pou madi 27 oktòb 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:55 0:00
Direct link

Yon lòt kote, Obsèvatwa Sitwayen pou Enstitisyon Demokrasi ann Ayiti (OCID) di li konsidere jounen elektoral 25 oktòb la kòm yon eksperyans demokratik pozitif. Anvwaye espesyal Sèvis Kreyòl la ann Ayiti, Jacquelin Bélizaire, di Pwofesè Rosny Desroches, youn nan dirijan òganizasyon an, mete devan responsab yo nan Sant Tabilasyon kèk rekòmandasyon ki kapab evite menm aparans iregilarite nan nivo depouyman an.

Anfen, reyaksyon pozitif tonbe tou nan Dyaspora a aprè dewoulman eleksyon jeneral yo ann Ayiti. Nan vil Orlando, Eta Florid, pa egzanp, korespondan nou Yves Mompremier pale ak 2 lidè kominotè ki, yo menm tou, di yo satisfè ak sa yo konsidere kòm yon gwo patisipasyon popilè, ak lòd ki te make jounen elektoral la.

XS
SM
MD
LG