Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon/Jous nan Mitan Jounen an “Tout Bagay Ap Pase Byen nan Pwovens yo ...”


Yon biwo'd vot nan Petyonvil, Ayiti, 25 Oktob 2015. (Photo: Jacquelin Belizaire / VOA)
Yon biwo'd vot nan Petyonvil, Ayiti, 25 Oktob 2015. (Photo: Jacquelin Belizaire / VOA)

KAP AYISYEN:

Yvan Martin Jasmin fè n konnen depi m granmmaten te genyen yon liyn byen long devan biwodvòt yo, sitou nan vil Kap-Ayisyen ak komin ki ozalantou li yo. Laprès konstate yon gwo dispozisyon popilasyon ki gen laj pou vote a pou l fè devwa sivik li.

Nan Depatman Nòdès --pi presizeman nan Komin Trou du Nord, toujou daprè korespondan nou Yvan Martin Jasmin-- nan Sikonskripsyon Ilet, laprès te prezan nan moman kote kandida a la prezidans Jovenel Moise tap depoze bilten li. Aprè Misye Moise fin ranpli devwa sivik li, li deklare :

«Mwen vote paske mwen ta renmen wè peyi a gen stabilite politik ak ekonomik. Mwen mande tout moun evite vyolans nan okazyon eleksyon 25 oktòb la. »

Prezidan Michel Martelly ki rive nan biwo'd vote pou'l vote, 25 Oktob 2015. (Photo: Jacquelin Belizaire / VOA)
Prezidan Michel Martelly ki rive nan biwo'd vote pou'l vote, 25 Oktob 2015. (Photo: Jacquelin Belizaire / VOA)

Moun kap fe la ke pou vote nan Petyonvil, Ayiti, 25 Oktob 2015.
Moun kap fe la ke pou vote nan Petyonvil, Ayiti, 25 Oktob 2015.

PATISIPASYON :

Yvan Martin Jasmin voye yon repòtaj kote li di laprès konstate gwo dispozisyon pèp Gran Nò a pou l patisipe nan eleksyon 25 oktòb 2015 la. Nan divès sant de vòt --sitou Okap Ayisyen ak komin/ sikonskripsyon ki antoure l yo-- elektè yo manifeste “yon gwo angouman” pou yo vote nan jounen dimanch la. Ajan Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) ak Misyon Nasyon Zini pou Stabilizasyon Ayiti a (MINUSTAH) prezan nan diferan biwodvòt yo nan Nò ak Nòdès.

Menm jan ak majorite sikonskripsyon atravè peyi a, jiska kòmansman apremidi a pat gen okenn gwo ensidan negatif pou siyale, eksepte nan Komin Obòy.

DETAY:

Nan Sikonskripsyon Obòy, nèg enkoni ame te atake konvwa Konsèy Elektoral la ki tap transpòte materyèl sansib pou eleksyon an. Se konsa, nan Bilten No. 81 KEP a, li di KEP a anile eleksyon pou Senatè, Depite, Majistra Kominal ak KASEK pou sikonskripsyon Obòy nan kote se eleksyon prezidansyèl la sèlman kap dewoule nan jounen dimanch 25 oktòb la. Kontraryete ensidan sa a pwovoke lakoz operasyon elektoral la kòmanse nan Komin Obòy vè 10 zè dimaten.

PNH arete yon neg nan yon biwod vot Potoprens, 25 Oktob 2015.
PNH arete yon neg nan yon biwod vot Potoprens, 25 Oktob 2015.

DEPATMAN NÒDWÈS

Nan vil Pòdepè, chef-lye Depatman Nòdwès la, tansyon an te monte byen bonè nan youn nan santdevòt yo, pi presizeman lekòl primè Richard Brisson, kote responsab elektoral yo mete men sou kèk mandatè ki te gen fo dokiman kòm lèt de kreyans --kidonk, sete fo mandatè. Lapolis arete 2 nan yo. Korespondan nou Dieuseul Junior Louis di, an plis Sant Richard Brisson, eleksyon ap dewoule tou nan Lekòl Primè 4-C ak Lekòl La Pointe des Palmistes.

DEPATMAN SIDÈS

Nan sikonskripsyon Bèlans, nan Depatman Sidès la, operasyon elektoral la kòmanse avèk reta nan seksyon kominal Mapou. Rezon an, daprè korespondan nou Francky Dépestre, se paske pèsonèl elektoral la rive sou plas avèk yon gwo reta sou lè kote yo te sipoze prezan nan biwodvòt yo. Kèk mandatè akredite pat kapab antre nan biwodvòt yo, paske, daprè rsponsab KEP delege nan sikonskripsyon an, kantite mandatè nan Komin Bèlans la depase kantite nòmal la pou yon sant elektoral. Delege KEP a ki prezan nan Sidès la pou sipèvize eleksyon an nan depatman an, se vis prezidan Konsèy Elektoral la, Pierre Manigat Junior.

DEPATMAN GRAND ANS

Daprè korespondan nou Luckner Laguerre, moun kapab konstate yon gwo patisipasyon popilè nan eleksyon dimanch 25 oktòb la nan Depatman Grand Ans la, sitou nan zòn Jeremi ak sikonskripsyon ki antoure l yo. Jiska mitan aprèmidi a (3 zè, lè Ayiti ak lè Washington), laprès pat anrejistre okenn iregilarite ki ta merite siyale, eksepte ke gen biwodvòt kote yon kantite limite moun pat kapab jwenn non yo sou lis elektoral yo -kidonk, moun sa yo pat kapab vote. A pa sa, Luckner di nou tout bagay dewoule e kontinye dewoule nan kalm ak disiplin.

OGANIZASYON :

Otorite eleksyon yo nan Jeremi mete elektè yo nan liyn pou yo antre an biwodvòt yo, e se pa gwoup de 25 votan a la fwa moun yo antre. Pou tout vil la, genyen 3 santdevòt :

-Lise Nò Aleksi avèk 35 biwodvòt;-

-EFACAP (Centre d’Aptitude Pédagogique) avèk 25 biwodvòt ;-

-Lysée des Jeunes Filles avèk 20 biwodvòt.

Manm KEP a kap sipèvize operasyon elektoral la nan tout Depatman Grand Ans la se Marie Carmelle Paul-Austin.

-------------------------------------------------

NB.- Nou eseye kontakte lòt korespandan nou yo, kontak la trè difisil menm ak Pòtoprens, siman paske eleksyon an ofri yon okazyon pou moun kap viv a letranje (ayisyen ou pa) rele pou yo konnen kijan sitiyasyon an ap evolye nan peyi a.

XS
SM
MD
LG