Accessibility links

Breaking News

Kanada-Eleksyon: Viktwa Pati Liberal la/Justin Trudeau Nouvo Premye Minis


Justin Trudeau, lidè Pati Liberal la Okanada.
Justin Trudeau, lidè Pati Liberal la Okanada.

Justin Trudeau ap tounen pwochen Premye Minis kanadyen aprè gwo viktwa Pati Liberal la nan eleksyon lejislativ ki dewoule nan jounen lendi 19 oktòb la.

Daprè rezilta komisyon elektoral kanadyen an pibliye, Pati Liberal la ranpòte 184 syèj sou 338 ki genyen nan palman an, tandiske Pati Konsèvatè Premye Minis sòtan an, Stephen Harper, ranpòte 99 syèj. Nouvo Pati Demokrat la (ki gen tandans panche sou la goch) vini byen lwen dèyè an twazyèm pozisyon avèk 44 syèj, menmsi yo te konsidere demokrat yo byen plase pou ranpote eleksyon an pandan yon kanpay ki te dire 11 semèn.

Misye Trudeau, ki gen 43 zan, te mennen kanpay li avèk yon slogan ki te anonse plis taks sou kanadyen rich yo, plis depans Leta pou mete enfrastrikti nan peyi a pou relanse ekonomi an, epi amelyorasyon rapò Kanada ak Lèzetazini. Nan diskou Justin Trudeau fè pou l aksepte viktwa a, li deklare :

" Kanadyen atravè tout gwo peyi sa a voye yon mesaj klè monte aswè a : yon mesaj ki di li lè, li tan pou gen chanjman nan peyi sa a. Zanmi m yo, lè a rive pou gen gwo chanjman. "

Papa Justin Trudeau, Pierre Elliot Trudeau, te monte sou pouvwa pou la premyè fwa an 1968 e li te okipe pòs Premye Minis la pandan 16 zan afile. Misye Trudeau Père, ki mouri an l’an 2000 a laj de 84 tran, te entwodui nan peyi li yon vèsyon dwa sitwayen moun ka konpare ak sa yo rele " Bill of Rights " Ozetazini e li te fè fransè tounen yon lang ofisyèl Okanada.

Eleksyon Okanada - Q&A L. Desmarattes Jn-Numa Goudou
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:49 0:00

Jounalis Jean Numa Goudou, kap travay nan Radyo Union.Com nan Monreyal, fè Lavwadlamerik (Lyonel Desmarattes) konnen yon manm kominote ayisyèn nan Okanada, Emmanuel Dubourg, konsève plas li pou yon twazyèm fwa kòm Depite Komin Bourassa.

XS
SM
MD
LG