Accessibility links

Breaking News

Ayiti/Vyolans: Gang Ame Touye Omwen 10 Moun nan Site Solèy


10 moun pou pipiti mouri e plizyè lòt blese nan bougantay kout zam ant gang ame k ap goumen antre yo nan komin Site Solèy, nan antre nò kapital la, Pòtoprens.

Zak vyolans sa yo pete kèk jou avan dewoulman eleksyon jeneral yo (dat: 25 oktòb 2015 la). Yon lòt kote, reprezantan Sekretè Jeneral Nasyonzini an ann Ayiti, Sandra Honoré, pwomèt sòlda ak polisye MINUSTAH yo ap akonpaye Polis Nasyonal la nan misyon sekirite li gen pou l ranpli avan, pandan e apre eleksyon yo.

Nouvèl Ayiti pou lendi 19 oktòb 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:31 0:00
Direct link

Pandansetan, kèk jou sèlman anvan dewoulman operasyon elektoral la, direktè Polis Nasyonal la, Godson Orélus, vizite Plato Santral la pou l sipèvize pèsonèlman dispozisyon fòs de lòd lokal yo pran pou yo garanti sekirite elektè yo.

Anfen, estratèj e analis politik Himler Rébu konsidere kòm ireyalis rekèt prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa a, Pierre-Louis Opont, te fè sa pa gen lontan pou l mande otorite PNH yo deplwaye gwo fòs sekirite nan lari yo pou garanti sekirite piblik la pandan dewoulman eleksyon. Selon Misye Rébu, yon twò gwo prezans polisye nan lari yo kapab entimide elektè yo.

XS
SM
MD
LG