Accessibility links

Breaking News

Ayiti/Repiblik Dominikèn: Mini Somè ant Prezidan Martelly ak Prezidan Medina.


Kat jewografik Ayiti ak Repiblik Dominikèn (Espayola).
Kat jewografik Ayiti ak Repiblik Dominikèn (Espayola).

Prezidan Michel Martelly rankontre ak kòlèg dominiken li a, Danilo Medina, nan vil Barahona, nan Repiblik Dominikèn, nan jounen madi 13 oktòb 2015 la pou yo te abòde kèk dosye enpòtan nan relasyon 2 peyi yo. Somè brid soukou sa a --ki reprezante yon sipriz pou obsèvatè yo nan 2 peyi yo-- dewoulee nan yon moman yon tansyon ap monte nan relasyon 2 peyi yo apre Ayiti te pran desizyon san zatann pou l entèdi 23 pwodui dominiken antre sou tèritwa ayisyen an an pasan pa fwontyè 2 peyi yo pataje a; sepandan yo ka kontinye antre pa bato oubyen avyon. Jounalis Edouard Saint Jean, ki baze nan vil Santo Domingo e ki reponn kesyon Jean Robert Philippe, di rankont Barahona a te santre sou 6 pwen prensipal -pami yo genyen rapò diplomatik ak komès.

Nouvèl Ayiti pou mèkredi 14 oktòb 2015 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:12:07 0:00
Direct link

Yon lòt kote, prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP), Pierre Louis Opont, anonse enstitisyon an poko resevwa okenn lèt fomèl nan men okenn kandida ki ta pran desizyon pou li pa patisipe nan eleksyon prezidansyèl 25 oktòb pwochen an. Sou bò pa l, direktè egzekitif KEP a, Mosler Georges, di otorie yo pran divès dispozisyon sou plan sekirite a pou yo anpeche moun sèvi ak fo manda pou fè tèt yo pase kòm obsèvatè elektoral oubyen mandatè pati politik pandan dewoulman eleksyon 25 oktòb 2015 la.

Toujou sou pwosesis elektoral la ann Ayiti: Minis ki an chaj kesyon elektoral la, Jean Fritz Jean Louis, anonse gouvènman an pare pou li debloke 290 milyon goud pou sibvansyone pati politik yo pou aktivite yap mennen nan okazyon eleksyon 25 oktòb la. Korespondan nou Orpha Dessources di nou 20% nan lajan sa a pral jwenn kandida a la prezidans yo pou ede yo mennen kanpay yo. Konseye elektoral, Marie Carmelle Paul-Austin, prezante yon bilan sou premye tou eleksyon lejislatif yo ki te dewoule nan dat 9 out pase a. Daprè Madam Paul-Austin, bilan an pemèt responsab yo korije erè yo te anrejistre nan eleksyon pase yo pou yo pa repete pandan jounen elektoral 25 oktòb pwochen an.

Anfen, dyaspora ayisyèn nan nan Miami ap rankontre, nan fen jounen mèkredi 14 oktòb la, ak kowòdonatè espesyal Depatman Deta ameriken pou Ayiti, Anbasadè Kenneth Merten. Daprè Prezidan chanm komès ayisyano-ameriken nan pati sid Eta Florid la, Jeff Lozama, se 3 òganizasyon ki mete rankont sa a sou pye: Asosyasyon Avoka Ayisyano-Ameriken yo (The Association of Haitian-American Lawyers), Ayisyen-Ameriken pou Pwogrè (Haitian-Americans for Progress) epi chanm komès ayisyano-ameriken nan pati sid Eta Florid la (The Haitian-American Chamber of Commerce of South Florida).

XS
SM
MD
LG