Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Opozisyon an Reklame Enstalasyon yon Gouvènman Tranzisyon malgre Avètisman Lèzetazini.


Ansyen Senatris Edmonde Senatris Supplice-Beauzile, youn nan manm Espas la Rezistans Patriyotik la
Ansyen Senatris Edmonde Senatris Supplice-Beauzile, youn nan manm Espas la Rezistans Patriyotik la

Espas Rezistans Patriyotik la kontinye ap egzije demisyon manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP a) ak anilasyon eleksyon 9 out pase a. Youn nan dirijan mouvman sa a, Prezidan Pati Fuzyon Sosyo-Demokrat yo, Edmonde Supplice Beauzile, mande patizan l yo boykote eleksyon prezidansyèl 25 oktòb 2015 la. Daprè ansyen senatris Plato Santral la ki se yon kandida ala prezidans, travay kòmanse fèt andedan Espas Rezistans la pou mete kanpe yon gouvenman tranzisyon ann Ayiti.

Yon lòt kote, mwens ke 2 semèn avan dewoulman eleksyon 25 oktòb yo, reyaksyon kontinye tonbe sou deklarasyon Sekretè Deta Ameriken, John Kerry, te fè pandan yon vizit ann Ayiti madi 6 oktòb 2015 la. Mesye Kerry lanse apèl bay otorite Ayisyen yo pou l mande yo garanti ke eleksyon yo pral dewoule san vyolans ni entimidasyon e nan dat lwa elektoral la prevwa a. Sepandan, sa pa anpeche kèk lidè politik kontinye pwononse yo anfavè yon gouvènman tranzisyon.

Analis politik Camille Edouard, militan dwamoun Pierre Espérance (dirijan Rezo Naysonal kap Defann Dwa mounn ann Ayiti (RNDDH) ak Mèt André Michel, manm Platfom Justis la e manm-fondatè Espas Rezistans Patriyotik la, gen pozisyon diferan sou kesyon pou konnen si wi ou non dwe gen yon gouvènman tranzisyon pou òganize eleksyon yo.

Anfen, yon chèf gang jamayiken mouri weekenn pase a pandan yon boukantay kout zam ak ajan anti-dwòg Polis Nasyonal la (BLTS). Dapre Pòtpawòl-adjwen Polis Nasyonal la, Garry Desrosiers, yon ajan PNH blese pandan operasyon an ki dewoule nan rejyon sid peyi d Ayiti.

XS
SM
MD
LG